Mizik ki bay rekonfò
1 Chante ak mizik jwe yon wòl enpòtan nan vrè adorasyon an. Nan tan lontan ann Izrayèl, men ki sa Asaf ak frè l yo te di nan yon chante : “ Di Jewova mèsi. [...] Chante pou li, fè melodi pou li, montre w enterese nan tout bèl aksyon li fè. ” (1 Kwo. 16:8, 9). Jodi a, nou chante pou Jewova nan reyinyon nou fè chak semèn nan kongregasyon an (Efe. 5:19). Èske se pa yon bèl opòtinite nou genyen pou nou fè louwanj pou non l ? — Sòm 69:30.
2 Lè nou koute Mélodies du Royaume yo, yon aranjman mizikal yon òkès fè ak anpil kantik Wayòm, se yon bagay ki ranpli lespri nou ak panse espirityèl. Gen yon sè ki di : “ Pandan melodi yo ap jwe, se konsa pawòl yo ap pase nan tèt mwen. Ala yon bèl fason pou m kenbe Jewova nan lespri m toutpandan m ap fè mizik ! ” — Fil. 4:8.
3 Okazyon nou genyen pou nou koute yo : Lè nou pase Melodies du Royaume lakay nou, sa kreye yon bèl anbyans, yon atmosfè espirityèl ki fè gen lapè nan fanmi an. Men ki sa yon fanmi te di : “ Nou pase [mizik] yo, nou pase yo, e nou pase yo ankò nan kay la ak nan machin nou, e nou pa janm santi nou bouke tande tout bèl varyete ki genyen nan aranjman mizikal sa yo. Souvan, Melodies du Royaume yo fè nou gen egzakteman etadespri yon kretyen sipoze genyen lè l ap prepare l pou l al nan reyinyon oswa lè li nan wout pou l al nan asanble. ” Gen yon sè li menm ki di : “ Lè m koute yo pandan m ap fè travay nan kay, se bagay ki vrèman fè m santi m nan po m. Sa k ta di mwen ta gen kè kontan etan m ap pliye rad mwen fin lave ? Mwen aranje m pou m pase mizik sa yo lè m santi m dekouraje. Se mizik ki vrèman ban m fòs ! [...] Chak kantik pote kè kontan. ” Èske ou wè kèk okazyon ou menm pou w tire pwofi nan mizik rekonfòtan sa yo ?
4 Pifò nan mizik moun fè jodi a reflete espri monn nan. Paran ka ede pitit yo aprann renmen bon kalite mizik lè yo sèvi kòrèkteman ak Melodies du Royaume yo. Anpil etidyan Labib ak lòt moun ki enterese ap byen kontan konnen gen bèl mizik konsa ki egziste, mizik ki bay Jewova glwa e ki fè kè nou kontan. — Sòm 47:1, 2, 6, 7.