BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/04 p. 5
  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • Revizyon pou asanble sikonskripsyon an
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Yon asanble sikonskripsyon k ap ede nou prezève espirityalite nou
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Èske w demontre ou gen “sajès ki sot anwo a” nan lavi w?
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • Vrè sajès la ap rele byen fò
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2004
km 8/04 p. 5

Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an

Nan “ tan ki di e ki difisil pou moun sipòte ” n ap viv la, nou bezwen sajès Jewova nonsèlman pou nou jwenn apwobasyon l, men pou nou gen apwobasyon sa a nètale (2 Tim. 3:1). Pwogram asanble sikonskripsyon pou ane sèvis 2005 lan ap pote yon kantite konsèy pratik ak bonjan ankourajman pou nou nan sans sa a. Tèm asanble sa a se “ Se pou ‘ sajès ki soti anlè a ’ gide w ”. — Jak 3:17.

Premye senpozyòm nan, “ Ann demontre ‘ sajès ki soti anlè a ’ nan lavi nou ”, ap ede nou konprann sa sa vle di lè yon moun pwòp moralman, lè l pasifik, li rezonab e li dispoze obeyi. Apre sa, siveyan sikonskripsyon an ap esplike twa lòt aspè ki genyen nan sajès ki soti nan Bondye a. Pou fini premye jounen an, siveyan distri a ap montre ki jan minis kretyen yo se moun ki ekipe pou yo pale de sajès Bondye, aktout gen anpil moun ki konsidere yo kòm moun ki “ san enstriksyon, moun òdinè ”. — Tra. 4:13.

Dezyèm jou a, ap gen yon senpozyòm ki pral ede nou idantifye bagay ki ka kraze espirityalite nou e pou nou evite bagay sa yo. Tit li se “ Annou pousuiv bagay ki ankourajan ”. Se yon senpozyòm ki pral montre nou ki jan pou nou edifye lòt moun lè nou nan reyinyon, nan predikasyon e lè nou ansanm ak fanmi nou. Tit diskou piblik la se “ Fason nou ka tire pwofi nan sajès ki soti nan Bondye ”. L ap ogmante apresyasyon nou pou byenfè nou jwenn lè nou aplike prensip Bondye yo nan lavi nou. Dènye diskou a, “ Lè nou aji ann amoni ak sajès Bondye, sa pwoteje nou ”, ap ranfòse rezolisyon nou pran pou nou chèche sajès nan men Jewova pandan dènye jou yo.

Youn nan moman pi enpòtan ki gen nan chak asanble se batèm. Lòt bagay ankò n ap genyen nan pwogram nan se Lekòl ministè teyokratik ak etid Toudegad pou semèn nan. Tout dezi Jewova se pou nou tire pwofi nan sajès li bay la. N ap vin pi fò espirityèlman grasa konsèy ak ankourajman k ap ret tann nou nan asanble sikonskripsyon sa a. —Pwo. 3:13-18.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje