Revizyon pou asanble sikonskripsyon an
Kesyon sa yo pral sèvi kòm apèsi e kòm revizyon pou asanble sikonskripsyon pou ane sèvis 2005 lan. Atik “ Yon nouvo dispozisyon sou fason pou yo fè revizyon sou asanble yo ”, ki nan paj 4 la, esplike ki jan pou yo fè revizyon an. Pandan revizyon an, divize tan an yon fason pou w gentan poze tout kesyon yo. Revizyon an dwe chita sou fason nou ka aplike enfòmasyon yo bay yo.
PREMYE JOU, SESYON MATEN [OUBYEN APRÈMIDI]
1. Ki sa k ap ede nou jwenn sajès ki soti nan Bondye a ?
2. Ki efò moun ki nan sikonskripsyon an fè pou yo preche plis moun bon nouvèl la ?
PREMYE JOU, SESYON APRÈMIDI [OUBYEN ASWÈ]
3. Poukisa li enpòtan pou kretyen yo kenbe kè yo pwòp ? Ki sa sa mande pou nou fè ?
4. Ki jan nou ka montre nou se moun ki pezib nan relasyon nou ak frè nou yo ?
5. Ki sa sa vle di pou yon moun rezonab, e ki jan nou ka montre nou gen kalite sa a lakay nou nan fason nou jere tan nou ?
6. Ki sa nou aprann nan egzanp Sayil ak egzanp Noye ? Ki jan nou ka montre nou se moun ki “ dispoze obeyi ” ? (Jak 3:17.)
7. Ki jan yon kretyen ka fè pou l pa mennen yon vi doub ?
8. Ki jan nou ka imite egzanp Pòl lè n ap pale de sajès Bondye ?
DEZYÈM JOU, SESYON MATEN
9. Poukisa nou dwe pran prekosyon lè n ap chwazi aktivite nou, e ki sa k ap pèmèt nou fè sa ?
10. Ki efò moun ki nan sikonskripsyon an fè pou yo asiste reyinyon regilyèman, e ki byenfè yo tire nan sa ?
11. Ki jan chèf fanmi yo ka edifye moun lakay yo ?
12. Sou ki bezwen sikonskripsyon an yo te atire atansyon nou ?
DEZYÈM JOU, SESYON APRÈMIDI
13. Jan nou te wè sa nan diskou piblik la, ki zèv ki ann akò ak jistis sajès ki sot anwo a pwodui ?
14. Poukisa se yon bagay ki ensanse pou nou ta kwè nan tèt nou oswa nan moun ki pa kite sajès Bondye gide yo ? Nan ki domèn nou bezwen pran prekosyon ?
15. Kont ki pyèj sajès Bondye pwoteje nou ?
16. Poukisa li enpòtan pou nou aplike konsèy nou te jwenn nan asanble sikonskripsyon sa a ?