Kongrè distri a ankouraje nou pou nou mache avèk Bondye
Vrèmanvre kongrè distri “ Mache avèk Bondye ” a te repete direksyon Jewova bay la byen klè : “ Men chemen an. Mache ladan l ” ! (Iza. 30:21). Lè nou aplike enstriksyon nou te resevwa, sa pral ede nou “ byen veye sou fason n ap mache ”. (Efe. 5:15.) Lè nou medite sou sa nou te aprann, sa ap ede nou ‘ kontinye mache nan laverite ’.— 3 Jan 3.
Sèvi ak kesyon ki vin annapre yo ansanm ak nòt ou te pran yo pou w prepare w pou w patisipe nan revizyon pwogram kongrè ane sa a. Revizyon an ap fèt nan reyinyon sèvis semèn 18 oktòb la.
1. Ki jan Enòk fè te kapab mache avèk Bondye malgre l t ap viv nan yon epòk boulvès ? (Ebre 11:1, 5, 6 ; Jid 14, 15 ; “ Annou mache avèk Bondye nan yon epòk boulvès ”.)
2. Nan ki domèn nan lavi a prensip ki nan Lik 16:10 la kapab aplike ? (“ Èske w ‘ fidèl nan sa ki toupiti ’ ? ”)
3. a) Site kat leson pratik nou jwenn nan liv Ocheya a, soti nan chapit 6 rive nan chapit 9, k ap ede nou mache avèk Bondye (Och. 6:6, 7 ; 7:14 ; 8:7). b) Ki lòt pwen nou jwenn nan Ocheya chapit 10 rive nan chapit 14 ki ede nou mache avèk Bondye ? (Senpozyòm : “ Pwofesi Ocheya a ede nou mache avèk Bondye ”.)
4. Ki bagay pratik ni mari ni madanm ki kretyen kapab fè pou kenbe maryaj yo solid ? (Pwo. 12:4 ; Efe. 5:29 : “ Pa deparye ‘ sa Bondye mete ansanm anba menm jouk ’ ”.)
5. Ki jan nou montre nou gen respè pou rasanbleman sakre nou yo ? (Ekl. 5:1 ; Iza. 66:23 ; “ Annou montre nou gen respè pou rasanbleman sakre nou yo ”.)
6. a) Ki twa aspè enpòtan nan travay predikasyon an nou dwe analize pou ban nou asirans n ap patisipe ladan l yon fason ki efikas (Iza. 52:7 ; Zek. 8:23 ; Mak 6:34) ? b) Ki aspè nan bwochi Une bonne nouvelle pour des gens de toutes nations an ou twouve ki patikilyèman itil ? (“ Yon bon nouvèl pou moun tout nasyon ”, “ Nan ede moun ki pale lòt lang ”.)
7. Ki jan nou kapab ede nouvo yo pou yo gen asirans nan prezante mesaj Wayòm nan ? (Jij 7:17 ; “ Nan ede anpil moun patisipe avèk nou nan ministè a ”.)
8. Ki jan nou demontre nou gen konviksyon “ gran jou Jewova a pre ” ? (Sef. 1:14 ; “ N ap mache selon lafwa, non pa selon sa nou wè ”.)
9. a) Jis nan ki pwen kesyon trebiche a se yon bagay ki grav (Mak 9:42-48) ? b) Ki jan nou kapab evite pou nou pa trebiche (Sòm 119:165) ? c) Ki jan nou kapab evite fè lòt moun trebiche ? (1 Kor. 10:24 ; “ Pa bay ‘ okenn okazyon pou moun trebiche ’ ”.)
10. Ki jan nou kapab rete ekilibre lè n ap chèche yon moun pou nou marye, lè n ap chèche lasante ak lè n ap fè biznis ? (Sòm 26:4 ; Mat. 6:25 ; 1 Tim. 6:9 ; “ Rete nan bonsans nou nèt ”.)
11. a) Ki bagay remakab nou jwenn nan moman Jezi t ap detann li pandan moun te ofri l ospitalite (Lik 10:42 ; 24:32) ? b) Ki jan nou kapab satisfè bezwen pou nou detann nou yon fason ki pou pèmèt ni nou menm ni lòt moun reprann fòs ? (1 Kor. 10:31-33 ; “ Bonjan aktivite k ap ban nou fòs ”.)
12. Ann amoni ak 23yèm Sòm nan, ki benediksyon nou resevwa antanke mouton Jewova, e ki responsablite nou genyen ? (1 Kor. 10:21 ; “ Se Jewova ki Bèje nou ”.)
13. Ki jan kretyen yo obeyi rekòmandasyon enspire ki di, ‘ rachte moman apwopriye a ’ ? (Efe. 5:16 ; “ Rachte pou nou menm moman apwopriye a ”.)
14. a) Ki sa ‘ lè jijman an ’ ki mansyone nan Revelasyon 14:7 la gen ladan l ? b) Ki jan nou bay prèv nou vrèman separe ak Gran Babilòn nan ? (“ ‘ Kontinye veye ’ : lè jijman an rive ”.) c) Ki pwen ou te apresye nan bwochi Kontinye veye ! a ?
15. Site twa kalite nou bezwen pou nou pa “ abandone chemen ki dwat la ” ? (2 Pyè 2:15 ; “ Pinga n ‘ abandone chemen ki dwat la ’ ”.)
16. Ki jan jèn yo kapab evite “ chemen mechan yo ” ? (Pwo. 4:14 ; “ Jèn, mache sou chemen jistis ”.)
17. a) Nan ki domèn Pòl se te yon egzanp estrawòdinè nan andirans (Tra. 14:19, 20 ; 16:25-33) ? b) Poukisa pa gen rezon pou nou pè opozan vrè adorasyon an ? (Dram ak diskou “ Preche afon jodi a malgre opozisyon ”.)
18. Ki benediksyon ki vide sou moun ki mache avèk Bondye ? (“ Mache avèk Bondye pote benediksyon pou kounye a e pou letènite ”.)
Se pou nou detèmine pou nou obeyi ‘ pawòl pa dèyè nou an ’ pou nou kapab mache avèk Papa nou ki nan syèl la pou toutan. — Iza. 30:21 ; Jan 3:36.