BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/04 p. 3
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • Rezon ki fè li toujou bon pou n konn limit nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Nou ka ret nan limit nou menm lè n jwenn eprèv
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Fason nou ka gen kè kontan nan yon nouvo asiyasyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Montre w merite pou yo fè w konfyans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2004
km 11/04 p. 3

Repons kesyon w yo

◼ Ki jan nou ta dwe konsidere travay nou gen pou n fè nan kongregasyon an ?

Se grasa efò sèvitè Jewova yo fè nan tèt ansanm ki fè kongregasyon yo kontinye ap fonksyone nan lòd (1 Kor. 14:33, 40). Reflechi sou tout travay ki gen pou fèt nan okazyon yon sèl reyinyon. Anplis de pwogram nan li menm, gen yon bann lòt travay frè ak sè yo dwe fè anvan reyinyon an e apre reyinyon an. Tout travay yo enpòtan, menm sa moun pa wè lè y ap fè yo. Ki jan nou chak ka bay patisipasyon pa nou nan reyalizasyon travay sa yo ?

Rann nou disponib. Moun ki gen bòn volonte yo ap jwenn anpil bagay pou yo fè (Sòm 110:3). Gen sousi pou moun ki malad oswa moun ki aje yo. Bay koutmen nan netwayaj Sal Wayòm nan. Gen anpil travay nou ka fè san yo pa bezwen mande nou. Nou tou senpleman bezwen gen dezi pou nou ede.

Fè travay nou ak modesti. Moun ki modès byen kontan sèvi lòt moun (Lik 9:48). Si nou gen modesti, nou pap aksepte plis travay pase sa nou ka fè an reyalite. E anplis, modesti ap ede nou rete nan plas nou. — Pwo. 11:2.

Se pou nou diy de konfyans. Yo te ankouraje Moyiz pou l chwazi “ moun ki diy de konfyans ” pou yo okipe yon pòs responsablite ann Izrayèl (Egz. 18:21). Kalite sa a toujou enpòtan jodi a. Tout travay yo konfye w, se pou w toujou pran yo oserye (Lik 16:10). Si w pap anmezi pou w akonpli yon travay, asire w gen bonjan aranjman ki fèt pou yon lòt moun fè travay sa a nan plas ou.

Bay tout nou menm. Kretyen yo jwenn egzòtasyon pou yo travay ak tout nanm yo, menm nan aktivite pwofàn (Kol. 3:22-24). Nou gen pi plis rezon toujou pou nou travay ak tout nanm nou lè se yon travay ki pou soutni vrè adorasyon an. Menmsi yon travay parèt piti oswa ensiyifyan, lè nou fè l byen, sa bon pou kongregasyon an anpil.

Tout travay nou genyen ban nou okazyon pou nou demontre lanmou nou pou Jewova ak pou frè ak sè nou yo (Mat. 22:37-39). Nou swete nou va akonpli tout travay yo konfye nou ak fidelite.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje