BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/04 p. 1
  • Yo bezwen èd ou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo bezwen èd ou
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • Sèvitè ministeryèl yo akonpli yon sèvis ki gen anpil valè
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Nou menm frè, simen sa ki ann akò ak lespri a, epi fè efò pou nou kalifye!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Jèn frè, èske w ap chèche jwenn privilèj nan kongregasyon an?
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Annou fòme gason yo pou yo chèche gen plis responsablite
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2004
km 12/04 p. 1

Yo bezwen èd ou

1 “ Mèsi pou tout sa nou fè pou nou. Nou jwenn anpil byenfè nan travay nou fè. ” Kòmantè sa a eksprime rekonesans nou genyen pou ansyen yo ak asistan ministeryèl yo. Piske òganizasyon Bondye a kontinye ap pran ekstansyon, yo toujou bezwen gason ki gen matirite pou sèvi nan anviwon 100 000 kongregasyon ki genyen nan lemonnantye. Si w se yon frè batize, yo bezwen èd ou.

2 “ Chèche okipe yon fonksyon ” : Ki jan w kapab chèche gen plis privilèj pou w sèvi (1 Tim. 3:1) ? Sa ki esansyèl, se pou w bay bon egzanp nan tout aspè vi w (1 Tim. 4:12 ; Tit 2:6-8 ; 1 Pyè 5:3). Patisipe san rezèv nan travay fè disip la, epi ede frè w yo pou yo fè menm bagay (2 Tim. 4:5). Se pou w gen yon enterè sensè pou byennèt kretyen parèy ou yo (Wom. 12:13). Se pou w etidye Pawòl Bondye a avèk dilijans, epi devlope ‘ ladrès nan fason w ap anseye ’. (Tit 1:9 ; 1 Tim. 4:13.) Fè tout efò w pou w akonpli travay ansyen yo konfye w (1 Tim. 3:10). Si w responsab yon fanmi, ‘ dirije pitit ou ak pwòp kay ou yon fason ki kòrèk ’. — 1 Tim. 3:4, 5, 12.

3 Travay ansyen yo ak asistan ministeryèl yo se yon travay ki di, e sa mande yon espri sakrifis (1 Tim. 5:17). Se sa k fè, lè w ap chèche okipe yon fonksyon, se pou w konsantre w sou sèvi lòt moun avèk imilite (Mat. 20:25-28 ; Jan 13:3-5, 12-17). Se pou w medite sou fason Timote te montre li byen dispoze, epi chèche imite l (Fil. 2:20-22). Menm jan ak Timote, kite bon konduit ou rekòmande w (Tra. 16:1, 2). Si w kiltive kalite espirityèl ki nesesè pou w andose plis responsablite e si w aplike tout konsèy lòt moun ba ou pou ede w amelyore w, ‘ pwogrè w ap parèt vizib pou tout moun ’. — 1 Tim. 4:15.

4 Paran, aprann jèn yo pote èd pa yo : Timoun yo kapab kòmanse aprann pote èd yo depi yo toupiti. Aprann yo koute lè yo nan reyinyon. Aprann yo preche, aprann yo gen yon konduit modèl ni nan Sal Wayòm ni nan lekòl. Ba yo fòmasyon pou yo pran plezi nan sèvi lòt moun, lè yo patisipe nan yon seri aktivite tankou ede nan netwayaj Sal Wayòm, ede frè ak sè ki aje, eksetera. Ba yo okazyon pou yo goute kè kontan ki genyen nan bay (Tra. 20:35). Jan de fòmasyon sa yo kapab ede yo alavni pou yo vin pyonye, asistan ministeryèl, epi ansyen.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje