Yon temwayaj san pawòl
1 San di yon mo, kreyasyon fizik Jewova a bay yon bann enfòmasyon sou kalite envizib li yo (Sòm 19:1-3 ; Wom. 1:20). Menm jan an tou, bèl konduit nou, kalite nou genyen antanke kretyen, aparans nou ki modès, tout sa bay yon temwayaj san pawòl (1 Pyè 2:12 ; 3:1-4). Se ta dwe dezi nou chak pou nou “ anbeli ansèyman Sovè nou an, Bondye, nan tout bagay ” grasa fason nou konpòte nou. — Tit 2:10.
2 Ki jan sa fè posib pou imen enpafè rive ajoute yon ti diplis pou fè ansèyman ki nan Bib la vin pi atiran ? Sa posib sèlman grasa direksyon ki soti nan Pawòl Bondye a e grasa pouvwa lespri sen (Sòm 119:105 ; 143:10). Pawòl Bondye a “ vivan e li pisan, li pi file pase yon epe ki file de bò ”. (Ebre 4:12.) Li penetre fon nan nou e li pèmèt nou abiye nou ak nouvo pèsonalite a (Kol. 3:9, 10). Lespri sen pwodui nan nou yon seri de kalite ki atiran, tankou bonte, byenveyans, dousè ak metriz (Gal. 5:22, 23). Èske pèsonèlman nou kite Pawòl Bondye a ak lespri Bondye enfliyanse lavi nou ? — Efe. 4:30 ; 1 Tes. 2:13.
3 Lòt moun remake sa : Lè nou viv ann amoni ak prensip Jewova yo e nou fè efò pou nou kiltive kalite li yo, lòt moun remake sa. Annou pran egzanp yon mesye ki te gen kòlèg travay li ki t ap fawouche l poutèt li kout. Gen yon sè ki t ap travay menm kote a ki te toujou trete l avèk diyite e avèk respè. Sa te pouse l mande sè a sa ki fè li diferan konsa. Sè a te esplike l sa k fè li gen yon konduit respektab se paske li aplike prensip ki nan Bib la nan lavi l. Anplis de sa, sè a te pataje bèl esperans Wayòm nan ak li. Mesye a te kòmanse etidye Bib la, e finalman li te pwogrese jiskaske li batize. Lè mesye a te retounen nan peyi l, bèl konduit li genyen te enpresyone fanmi li e plizyè nan yo te aksepte laverite tou.
4 Nan travay nou, nan lekòl nou oubyen nan relasyon nou ak fanmi nou ak vwazen nou, nou ka fè lòt moun bay Bondye glwa, grasa bèl konduit nou genyen ansanm ak temwayaj nou bay. — Mat. 5:16.