Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 out
“ Apre yon aksidan kote gen moun ki mouri, anpil moun konn mande ki sa moun devni lè yo mouri ? Èske w panse li posib pou nou konprann sa lanmò ye ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a esplike sa Bib la di sou kondisyon mò yo. Li pale tou sou pwomès Bondye fè pou li resisite moun nou yo ki mouri. ” Li Jan 5:28, 29.
Réveillez-vous! 22 out
“ Èske w te konnen se nan aktivite touristik moun plis jwenn travay nan lemonn ? [Kite moun nan reponn.] Ogmantasyon ki genyen nan aktivite touristik pote alafwa byenfè ak pwoblèm. Peryodik sa a egzamine avantaj ak enkonvenyan ki genyen nan aktivite sa a jodi a. Anplis de sa, li bay moun k ap fè vwayaj entènasyonal yo kèk konsèy pratik. ”
Toudegad 1ye sept.
“ Nan monn nan jodi a, fidelite se yon kalite moun plis fè lwanj pou li pase pou yo pratike l. Èske li pa t ap bèl si plis moun ta sanble ak zanmi yo dekri nan vèsè nou pral li la a ? [Li Pwovèb 17:17. Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a esplike byenfè n ap jwenn lè nou fidèl ak fanmi nou e ak zanmi nou. ”
Réveillez-vous! 8 sept.
“ Petèt ou rete bouch ouvè devan kowoperasyon ki egziste nan lanati. [Bay youn nan egzanp yo site nan atik la.] Èske sa pa tris lefètke nou pa wè plis kowoperasyon pami lèzòm ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a esplike ki jan talè konsa Bondye pral pote lapè ak amoni sou tout tè a. ” Li Izayi 11:9.