Annou kontinye pale Pawòl Bondye a avèk kran
1 Antanke kretyen, nou konnen tout moun pap koute nou lè n ap preche (Mat. 10:14). Sepandan, nou pa kite moun ki reyaji yon fason negatif anpeche nou anonse bon nouvèl la (Pwo. 29:25). Ki sa ki ede nou kontinye pale Pawòl Bondye a avèk kran ?
2 Apot Pòl te rekonèt “ kokenn enpòtans konesans Jezi Kris ” genyen. Sa te pouse l pou l pale avèk “ fèm konviksyon ”. (Fil. 3:8 ; 1 Tes. 1:5.) Byenke kèk moun te konsidere mesaj Pòl t ap preche a tankou yon mesaj ki fèb e ki ensanse, li te konnen mesaj sa a se te “ pisans Bondye pou delivrans tout moun ki gen lafwa ”. (Wom. 1:16.) Se poutèt sa, menm lè li te rankontre opozisyon, li te kontinye “ pale avèk kran grasa pouvwa Jewova ”. — Tra. 14:1-7 ; 20:18-21, 24.
3 Sous kote fòs nou soti a : Se pa t ak pwòp fòs pa l Pòl te kapab bay temwayaj avèk kran. Anpalan de li menm e de Silas, Pòl te ekri : “ Apre nou te fin soufri toudabò, e apre yo te fin trete nou yon fason derespektan [...] nan Filip, grasa Bondye nou an, nou te ranmase kouraj nou pou nou fè nou konnen bon nouvèl Bondye a nan mitan anpil konba. ” (1 Tes. 2:2 ; Tra. 16:12, 37). Apre sa, lè li te nan prizon nan Wòm, Pòl te mande lòt moun pou priye pou li dekwa pou l te ka kontinye fè konnen bon nouvèl la avèk kran, jan li te dwe fè l la (Efe. 6:18-20). Lefètke Pòl te pito apiye sou Jewova pase li te apiye sou tèt pa l, li te kapab kontinye pale Pawòl Bondye a avèk kran. — 2 Kor. 4:7 ; Fil. 4:13.
4 Se menm bagay la ki rive jodi a. Yon frè te twouve li difisil anpil pou l prezante tèt li kòm yon Temwen Jewova kote li t ap travay la. Men, pou l te bay kòlèg li yo temwayaj, li te priye Jewova sou sa e li te kòmanse ba yo temwayaj. Okòmansman, gen yon kòlèg ki pa t byen akeyi efò frè a t ap fè pou l ba li temwayaj, men lè li te tande pale de esperans rezirèksyon an, sa te pèmèt yon etid biblik kòmanse. Depi lè sa a, frè a te pwofite tout opòtinite li jwenn pou li bay temwayaj. Nan kote li t al travay annapre a, pandan yon peryòd ki dire 14 ane, li te ede 34 moun jiskaske yo rive batize. Menm jan an tou, nou kapab gen konfyans Jewova ap fòtifye nou ‘ pou nou kontinye pale pawòl li a avèk anpil kran. ’ — Tra. 4:29.