BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/00 p. 1
  • Èske w gen kran pou w preche ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w gen kran pou w preche ?
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Lè nou preche avèk kran, nou imite Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • “Pale Pawòl Bondye a avèk kran”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Annou kontinye pale Pawòl Bondye a avèk kran
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Chèche jwenn repons kesyon sa yo
    Pwogram asanble sikonskripsyon pou ane 2018-2019 — Ak siveyan sikonskripsyon an
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2000
km 12/00 p. 1

Èske w gen kran pou w preche ?

1 Malgre opozan yo te arete Pyè ak Jan epi yo te fè yo menas, avèk kran yo te kontinye anonse mesaj Wayòm nan (Travay 4:17, 21, 31). Ki sa preche avèk kran vle di pou nou jodi a ?

2 Yon temwayaj ki fèt pou bay avèk kran : Yon moun ki gen “ kran ” se yon moun ki “ brav ”, sa vle di moun sa a detèmine pou l aji “ san krent, avèk kouraj, avèk andirans. ” Pou vrè kretyen yo, preche avèk kran vle di yo pa pè pale ak lòt moun depi yo gen yon bèl okazyon pou yo anonse bon nouvèl la (Travay 4:20 ; 1 Pyè 3:15). Sa vle di, nou pap wont bon nouvèl la (Sòm 119:46 ; Wom. 1:16 ; 2 Tim. 1:8). Kidonk, gen kran, se yon kalite nou bezwen pou nou akonpli misyon preche bon nouvèl Wayòm nan nan tan lafen sa a. L ap pouse nou pou nou pataje bon nouvèl la ak lòt moun kèlkeswa kote nou kapab jwenn yo. — Travay 4:29 ; 1 Kor. 9:23.

3 Montre ou gen kran nan lekòl ou : Èske yon ti lakrentif oswa timidite fè l difisil pou w preche kondisip lekòl ou yo ? Pafwa se pa fasil. Anfèt, sa kapab menm yon defi toutbon. Sepandan, Jewova ap ba w fòs si w priye pou w gen kran pou w preche lòt moun (Sòm 138:3). Si w gen kran, sa pral ede w idantifye w kòm youn pami Temwen Jewova yo, e l ap ede w reziste anba mokri. Kòm rezilta, predikasyon w ap fè lekòl la kapab sove moun k ap koute w yo. — 1 Tim. 4:16.

4 Montre ou gen kran nan travay ou : Èske nan travay ou, yo konnen w kòm youn pami Temwen Jewova yo ? Sèl fason petèt pou bon nouvèl la kapab rive touche kòlèg travay ou yo, se lè w preche yo. Kran ou genyen an kapab ede w tou pou w mande yon orè travay k ap pèmèt ou al nan reyinyon, epi pou w jwenn konje pou w al nan asanble.

5 Montre ou gen kran lè w anba eprèv : Li vital pou nou ranmase kouraj nou pou nou mete kran lè nou rankontre opozisyon (1 Tes. 2:1, 2). Se sa k ap ede nou kenbe fèm nan lafwa lè yo fè nou menas, lè y ap pase nou nan rizib, oswa lè nou anba pèsekisyon dirèk (Fil. 1:27, 28). Lè nou gen kran, n ap jwenn fòs pou nou kenbe fèm anba presyon pou fè nou pa rete soude ak prensip Jewova, Bondye nou an. Sa ap soutni nou pou nou rete kalm lè lòt moun ap tingting nou pou nou antre nan chirepit. — Wom. 12:18.

6 Kèlkeswa difikilte n ap konfwonte pèsonèlman, avèk kran, annou pèsevere nan predikasyon bon nouvèl la. — Efe. 6:18-20.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje