BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/05 p. 4
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2005
km 11/05 p. 4

Jan pou nou prezante peryodik yo

Réveillez-vous! 22 nov.

“ Byenke yo pwodui ase manje pou tout moun ki sou tè a ta jwenn manje, gen 800 milyon moun ki pa gen ase manje. Èske sa pa tris anpil ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a pale sou difikilte ki genyen, difikilte k ap ogmante de jou an jou, pou yo nouri popilasyon ki nan vil yo. Li pale tou sou pwomès Bib la fè ki anonse pral gen yon monn kote pap gen grangou. ” Li Sòm 72:16a.

Toudegad 1ye des.

“ Anpil moun ap mande poukisa pwoblèm k ap toumante limanite yo vin pi terib toujou olye pou yo amelyore. Èske w janm konsidere sa yo di nan vèsè nou pral li la a kòm yon rezon ki ta lakòz sitiyasyon an konsa ? [Li Revelasyon 12:9. Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine riz Satan itilize pou twonpe moun ansanm ak fason nou kapab reziste kont enfliyans li. ”

La Tour de Garde 1ye des.

“ Lè moun tande mo ‘ Amagedòn ’ nan, anpil nan yo vin gen nan lespri yo yon imaj efreyan kote moun ap detwi pa pakèt. [Montre kare ki nan paj 3 a.] Èske w t ap etone aprann Amagedòn se an reyalite youn nan pi bon bagay ki ta ka rive pou nou ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a esplike poukisa. ” Li 2 Pyè 3:13.

Réveillez-vous! 8 des.

“ Mwen te vle pale avè w konsènan yon epòk kote chak moun pral gen yon andwa ki konvnab pou l viv. Èske l pa tris dèske anpil moun pa gen yon kote pou yo rete ? [Kite moun nan reponn. Epi li Izayi 65:21, 22.] Peryodik sa a egzamine rezon ki fè genyen moun ki pa gen yon kote pou yo rete. Li esplike tou fason Bondye pral akonpli pwomès nou fèk li la a. ”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje