Pran plezi pou nou etidye liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a
1 Youn nan pi bèl moman nan kongrè distri “ Obeyisans ki onore Bondye ” a se te lè yo te prezante liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a. Talè konsa nou pral kòmanse itilize l anpil nan ministè a, sitou pou nou kondui etid biblik. Kidonk, nou bezwen konnen nouvo liv sa a byen. Nou pral gen posiblite sa a, paske apati semèn 17 avril 2006 se liv sa a nou pral etidye nan etid liv kongregasyon an.
2 Siveyan etid liv yo ap atire atansyon sou kesyon ki nan kòmansman chapit yo. Apre sa, y ap sèvi ak kesyon ki anba paj yo pou dirije etid la. Y ap li vèsè kle yo e y ap diskite sou yo, e kare “ Men sa Labib anseye ” ki nan fen chapit yo ap itil pou yo fè revizyon sou sijè yo sot egzamine a, paske li gen ladan l repons Bib la bay sou kesyon ki nan kòmansman chapit la. W ap pran plezi pou w fè kòmantè, piske liv la trete sijè yo yon fason ki klè, ki senp e ki enteresan.
3 Nan apendis liv sa a, yo bay detay sou plizyè sijè. N ap kapab itilize apendis la lè yon etidyan bezwen plis esplikasyon sou yon sijè. Pafwa, nan etid liv kongregasyon an, y ap egzamine kèk pati nan apendis la. Lektè nan etid liv la ap li tout apendis ki gen rapò ak sijè a, e sa ki pi long yo, y ap li yo seksyon pa seksyon. Yo pa bay kesyon pou apendis la. Men, siveyan etid liv la ka poze kesyon sou pwen prensipal yo pou l envite moun ki la yo fè kòmantè.
4 Etid nan liv Sa Labib anseye a pral fèt yon fason rapid nan etid liv kongregasyon an. Li pa ta bon pou nou ale rapid menm jan an lè n ap etidye liv la ak yon moun, sitou si konesans moun nan gen sou Bib la piti oubyen li pa gen ditou (Tra. 26:28, 29). Lè n ap fè etid ak moun yo lakay yo, n ap bezwen egzamine vèsè yo plis an pwofondè, n ap bezwen esplike imaj yo, ak lòt bagay ankò. Kidonk, lè nou pral etidye liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a, fikse objektif pou w toujou la chak semèn nan etid liv la e pou w patisipe.