Annou ede lòt moun pou yo tire pwofi nan ranson an
N ap selebre Memoryal lanmò Kris la 12 avril
1. Site youn nan fason sèvitè Bondye yo demontre rekonesans yo pou ranson an.
1 “ Se pou nou remèsye Bondye pou kado gratis li bay la, yon kado nou pa ka dekri. ” (2 Kor. 9:15). Mo sa yo byen eksprime santiman nou konsènan byenveyans Bondye ak bonte ki plen lanmou li montre pou sèvitè li yo pa mwayen Pitit li a, Jezi Kris. Rekonesans sa a pral parèt byen klè lè nou reyini ansanm 12 avril pou nou selebre Memoryal lanmò Kris la.
2. Kiyès ki konn asiste Memoryal la ansanm ak sèvitè Jewova yo, e ki sa yo bezwen fè pou yo tire pwofi nan ranson an ?
2 Gen anviwon dis milyon moun ki asiste Memoryal la chak ane ansanm ak sèvitè Jewova yo. Lè yo fè sa, yo demontre yo gen rekonesans pou sakrifis Kris la nan yon sèten degre. Sepandan, pou yo tire pwofi nan ranson an, yo bezwen egzèse lafwa nan dispozisyon sa a (Jan 3:16, 36). Ki jan nou ka ede yo vin gen lafwa sa a ? Diran epòk Memoryal la, nou ka ankouraje yo pou yo aksepte yon etid e pou yo asiste reyinyon ki fèt nan kongregasyon an chak semèn. Annou egzamine sijesyon ki vin annapre yo.
3. Ki jan nou ka kòmanse yon etid biblik ak moun yo lè n ap envite yo nan Memoryal la ?
3 Etid biblik : Lè w envite moun ki enterese yo nan Memoryal, sa w panse si w fè efò pou w kòmanse yon etid biblik avèk yo nan liv Sa Labib anseye a ? Eseye esplike yo selebrasyon Memoryal la. Ale nan paj 206-8 epi egzamine sijè ki gen tit “ Soupe Seyè a : yon selebrasyon ki onore Bondye. ” Nou ka egzamine enfòmasyon sa yo nan youn oswa de vizit, menmsi se nan papòt kay la n ap fè yon etid biblik ak moun nan. Lè nou fin egzamine pati sa a, petèt moun nan gendwa aksepte egzamine chapit 5 lan ki gen tit “ Ranson an : pi gwo kado Bondye bay. ” Osito yon etid biblik regilye fin etabli, retounen nan kòmansman liv la pou w ka egzamine kat premye chapit yo.
4. Avèk kiyès nou ka kòmanse yon etid biblik diran epòk Memoryal la ?
4 Avèk kiyès nou ka kòmanse yon etid biblik grasa metòd sa a ? Petèt avèk kèk nan kòlèg travay nou, kondisip nou, oswa vwazen nou ki ta aksepte pale sou sijè konsa. Si gen sè nan kongregasyon an ki gen mari yo ki pa kwayan, frè yo ta ka abòde mari sè sa yo. Pa neglije fanmi pa w ki pa Temwen. Anplis de sa, nou ta dwe fè yon efò espesyal pou nou kite yon fich envitasyon Memoryal pou moun ki te aktif nan kongregasyon an (Lik 15:3-7). Se pou nou fè tout sa nou kapab pou nou ede tout moun sa yo pou yo tire pwofi nan ranson an.
5. Ki jan nou ka ankouraje etidyan Labib ak lòt moun ki enterese pou yo asiste reyinyon ki fèt nan kongregasyon an chak semèn ?
5 Reyinyon kongregasyon an : Gen anpil etidyan Labib ak anpil lòt moun, Memoryal la se premye reyinyon yo asiste. Men, ki jan nou ka ankouraje yo pou yo tire pwofi nan lòt reyinyon nou yo ? Nan paj 8 Ministè Wayòm avril 2005 lan, yo ban nou sijesyon sa yo : “ Mansyone tèm pwochen diskou piblik ki pral fèt la. Montre yo atik yo pral egzamine nan etid Toudegad la ak nan etid liv kongregasyon an. Esplike yo dewoulman Lekòl ministè teyokratik la ak reyinyon sèvis la. Lè w gen yon patisipasyon nan lekòl la, petèt ou ka fè repetisyon avèk yo. Pataje bèl pwen yo te diskite nan reyinyon yo avèk yo. Itilize foto ki nan piblikasyon nou yo pou ede yo wè sa k ap fèt nan reyinyon sa yo. Envite yo asiste reyinyon depi nan premye etid la. ”
6. Site de fason nou ka ede moun ki sensè yo pou yo tire pwofi nan ranson an.
6 Lè moun ki sensè yo gen yon etid biblik regilye e yo asiste reyinyon kongregasyon an regilyèman, souvan, yo fè pwogrè espirityèl rapid. Kidonk, se pou nou ankouraje moun yo pou yo pwofite aranjman espirityèl sa yo e pou yo tire pwofi nan pi gwo kado Bondye ban nou an : ranson an.