BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/06 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Soutit
  • Semèn 13 mas
  • Semèn 20 mas
  • Semèn 27 mas
  • Semèn 3 avril
Ministè Wayòm nan — 2006
km 3/06 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 13 mas

Kantik 41

10 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Réveillez-vous ! mas la ak Toudegad 1ye avril la. Nan fen chak demonstrasyon, pwoklamatè a ap sèvi ak do peryodik l ap prezante a pou l envite moun l ap pale avè l la nan Memoryal. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : “ Annou ede lòt moun pou yo tire pwofi nan ranson an. ”a Patisipasyon ki vin apre a pral egzamine plis an detay fason nou ka sèvi ak paj 206-8 liv Sa Labib anseye a lè n ap envite moun yo nan Memoryal la.

20 min : Soupe Seyè a : yon selebrasyon ki onore Bondye. Patisipasyon sou fòm kesyon/repons. Li baze sou liv Sa Labib anseye a, paj 206-8. Fè yon entwodiksyon ki pap menm pran yon minit pou w montre fason nou ka annik li premye paragraf la pou nou prezante sijè a bay moun n ap pale avè l la. Apre sa, san w pa fè li paragraf yo, mande moun nan oditwa a pou yo reponn kesyon ki vin apre yo : (§ 2) Ki lè Jezi te etabli Memoryal lanmò li ? (§ 3) Chak ki lè nou dwe selebre Soupe Seyè a ? (§ 4) Ki jan Labib dekri selebrasyon Memoryal la ? (§ 5) Ki jan nou fè konnen Jezi pa t fè pen an tounen chè li e li pa t fè diven an tounen san l ? (§ 6) Ki sa pen san ledven an senbolize ? (§ 7) Ki sa diven wouj la reprezante ? (§ 8) Kiyès sèlman ki gen dwa patisipe nan pen an ak diven an ? (§ 9) Ki lè Memoryal la fèt chak ane, e poukisa nou dwe asiste l ? Egzamine vèsè kle yo si gen tan pou sa. Ankouraje tout moun pou yo egzamine enfòmasyon sa yo ak etidyan yo ak lòt moun yo envite nan Memoryal la. Lè sa a, yo ka li paragraf yo, egzamine pwen prensipal yo, epi sèvi ak kesyon ki senp tankou sa ki nan patisipasyon sa a.

Kantik 134 ak priyè final.

Semèn 20 mas

Kantik 18

10 min : Anons lokal. Fè yon ti pale sou pwen enpòtan ki nan kare “ Rapèl pou Memoryal la ”.

23 min : Wòl Kris jwe nan dispozisyon Bondye met sou pye. Yon diskou ki baze sou liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a, paj 10-13. Lè w ap egzamine de premye paragraf nan soutit “ Le rôle du Christ ” la, pran twa oubyen kat minit pou w sijere fason pou yo itilize fich envitasyon Memoryal la epi fè yon demonstrasyon sou sa. Fè yon ti pale sou sijesyon ki nan paj 3, paragraf 3, Ministè Wayòm fevriye 2006 la.

12 min : Yo jwenn fòs lè yo egzamine Ekriti yo chak jou. Diskou ak demonstrasyon ki baze sou pawòl entwodiksyon ki nan bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2006. Fè yon demonstrasyon k ap montre yon fanmi k ap egzamine tèks pou jounen an ak kòmantè yo fè sou li a.

Kantik 103 ak priyè final.

Semèn 27 mas

Kantik 44

15 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa mas. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye avril ak Réveillez-vous ! avril la. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. N ap montre tou fason pou nou itilize fich envitasyon pou nou envite moun ki enterese yo nan Memoryal la.

10 min : Èske se Bondye ki Souvren an toujou ? Diskou ak demonstrasyon ki baze sou dènye paj La Tour de Garde 1ye avril 2006 (fransè). Pwofite tout okazyon pou w envite moun yo nan diskou espesyal la. Veye pou w envite chak etidyan Labib ansanm ak manm fanmi yo ki gendwa pa konn asiste etid la. Fè efò pou w envite tout moun ki enterese ansanm ak lòt moun nou rankontre nan predikasyon. Fè demonstrasyon sou fason pou nou sèvi ak La Tour de Garde 1ye avril la lè n ap envite yon moun ki vin inaktif oswa ki sispann asiste reyinyon.

20 min : Eksperyans pwoklamatè yo fè. Mande moun nan oditwa a pou yo rakonte kèk eksperyans yo te fè lè yo t ap ofri liv Sa Labib anseye a diran mwa mas la. Mansyone etid biblik ki te kòmanse. Nou ka fè demonstrasyon sou youn oswa de eksperyans enteresan ki te fèt.

Kantik 170 ak priyè final.

Semèn 3 avril

Kantik 199

15 min : Anons lokal. Fè yon ti pale tou kout sou atik ki gen tit “ Pran plezi pou nou etidye liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a ” ki te parèt nan paj 6 Ministè Wayòm fevriye 2006 la. Atire atansyon sou pwogram etid liv Sa Labib anseye a. N ap montre tou fason pou nou itilize fich envitasyon pou nou envite moun ki enterese yo nan Memoryal la.

10 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : “ Annou anseye moun ki enb yo pou yo mache nan chemen Bondye a. ”b Pran kèk lòt ide nan Toudegad 1ye jiyè 2004 la, paj 27, paragraf 9.

Kantik 93 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje