Kontinye tann Jewova
1. Ki tèm kongrè a, e poukisa li tonbe daplon ?
1 Men sa pwofèt Izayi te ekri : “ Jewova se yon Bondye jijman. Byennere tout moun k ap kontinye tann li. ” (Iza. 30:18b). Bib la rapòte anpil istwa konsènan egzekisyon jijman Bondye sou ènmi l e sou fason li delivre sèvitè fidèl li yo. Ki sa istwa sa yo aprann adoratè Jewova yo jodi a ? Ki sa nou ka fè depi kounye a pou nou prepare nou pou “ gran jou terib Jewova a ” ? (Yow. 2:31, 32.) Kongrè distri “ Delivrans lan toupre ! ” a pral ankouraje nou pou nou egzamine kesyon sa yo e pou nou egzamine tèt nou pèsonèlman. Kongrè sa a pral ede nou kontinye tann Jewova.
2. Ki jan nou ka montre apresyasyon nou pou kongrè distri nou an ?
2 Èske w fè aranjman pou w pwofite toule twa jou kongrè a ? Pa egzanp, èske w deja abòde patwon w sou posiblite pou w gen konje pou w ka asiste kongrè a ? Pa met nan tèt ou l ap aksepte ba w konje san w pa fè efò pou sa. Priye sou sa, epi apre sa, fè demann nan (Ney. 2:4, 5). Epitou, nou pa ta dwe kite se aladènyè minit n ap fin fè aranjman pou transpò, lojman, ak lòt bagay ki nesesè. Lè nou fè bonjan planifikasyon konsa, sa montre nou gen anpil apresyasyon pou tab espirityèl Jewova a. Ansyen yo ta dwe veye pou yo ede moun ki bezwen èd pou yo prepare yo pou kongrè a, espesyalman moun ki aje nan kongregasyon an. — Gal. 6:10.
3. Ki kalite ki ta dwe parèt klè pami sèvitè Jewova yo nan zòn kote kongrè a ap fèt la ?
3 Yon bèl konduit onore Bondye : Lè nou rasanble an gran nonb nan kongrè, bèl konduit nou sèvi temwayaj pou moun k ap viv nan zòn nan. Ki sa sa mande pou nou fè ? Lè nou nan lojman, nan restoran ak nan zòn komèsyal ki nan zòn kote kongrè a ap fèt la, moun n ap abòde yo ta dwe pran plezi nan bèl kalite nou manifeste antanke kretyen, yo ta dwe wè nou se moun ki pasyan, ki dou, ki gen metriz e ki rezonab (Gal. 5:22, 23 ; Fil. 4:5). Nou tout ta dwe demontre lanmou, yon lanmou ki pa ‘ endesan, ki pa chèche pwòp enterè pa l, ki pa irite ’. Menmsi ta vin gen yon difikilte oubyen yon enkonvenyan, se pou nou toujou pare pou nou “ fè tout bagay pou glwa Bondye ”. — 1 Kor. 10:31 ; 13:5.
4. Ki jan paran yo kapab ede pitit yo pou yo konpòte yo yon fason ki atire louwanj sou Jewova ?
4 Apre yon kongrè, te gen yon responsab otèl, konduit ak aparans jèn nou yo ki te vin nan kongrè a te tèlman enpresyone l, li te di li ta renmen “ toujou gen Temwen Jewova yo kòm kliyan otèl li a ”. Sa a se yon bagay ki fè nou rejwi ! Sa montre nou menm paran nou bay pitit nou yo fòmasyon ak siveyans. Li pa t ap saj pou paran yo ta lage timoun yo nan yon chanm otèl san siveyans. Timoun yo ta dwe sou bonjan siveyans (Pwo. 29:15). Se pou bèl konduit yo atire louwanj sou Jewova e se pou l rejwi kè l ! — Pwo. 27:11.
5. Ki jan nou ka onore Jewova pa mwayen abiman nou ak kwafi nou ?
5 Abiman ak kwafi ki modès : Nou chak nou kapab bay yon bèl enpresyon nan okazyon kongrè a, lè nou evite stil rad ak kwafi ki estravagan, ki egzajere, ki pa modès oubyen ki twò vag. Sa valab lè n ap vwayaje pou n al nan kongrè a ak lè n ap retounen, lè n ap ede nan preparasyon lokal kote kongrè a ap fèt la ak lè n ap asiste kongrè a. Antanke sèvitè Bondye, premye sousi nou se repitasyon non Jewova, se pa preferans nou oubyen konfò pèsonèl nou. Chèf fanmi yo gen responsablite pou yo asire yo teni fanmi yo reflete modesti ak bonsans nan tout okazyon. — 1 Tim. 2:9.
6. Poukisa, menm lè n ap pran yon ti detant apre kongrè a, li enpòtan pou nou gen menm teni onorab nou te gen nan kongrè a ?
6 Lè n ap pran yon ti detant nan lojman kote nou ye a, lè n al fè acha ak lè nou ale nan restoran, li toujou enpòtan pou nou gen yon teni ki onorab. Li ta bon pou nou kite menm rad ki te sou nou pandan kongrè a si nou pral manje deyò nan yon restoran apre sesyon yo. Lè nou gen ensiy nou sou nou, sa kreye opòtinite pou nou bay temwayaj enfòmèl. — 2 Kor. 6:3, 4.
7. Ki jan nou ka kontribye pou kongrè a byen òganize e pou l bay lajwa ? (Gade “ Rapèl pou kongrè distri a ”.)
7 Men sa Izayi te predi : “ Jewova ap kontinye tann pou l fè nou favè, e se poutèt sa li pral leve pou l fè nou mizèrikòd. ” (Iza. 30:18a). Si nou gen rekonesans pou mizèrikòd ansanm ak bonte moun pa merite Jewova manifeste an favè nou, sa ap pouse nou onore l grasa konduit nou ak aparans nou lè nou rasanble ansanm nan kongrè nou yo. Se pou kongrè distri “ Delivrans lan toupre ! ” a glorifye Bondye nou an e se pou l ede nou pou nou kontinye tann li !
[Kare nan paj 5]
Rapèl pou kongrè distri a
◼ Orè : Pwogram nan ap kòmanse a 9:30 a.m. toule twa jou yo. Pòt yo ap ouvri apati 8:00 a.m. Kèk minit anvan sesyon an kòmanse, lè yo kòmanse pase mizik, prezidan an ap chita sou estrad la. Lè sa a, nou tout nou ta dwe chita nan plas nou, konsa pwogram nan ap kòmanse nan lòd ak diyite. Pwogram nan ap fini a 5:15 p.m. nan vandredi, a 5:05 p.m. nan samdi e a 4:10 p.m. nan dimanch.
◼ Rezèvasyon plas : Rezève plas sèlman pou moun ki vwayaje avè w nan menm machin oubyen pou moun k ap viv nan menm kay avè w.
◼ Repa : Tanpri pote manje nou olye pou nou soti deyò al achte nan men machann yo. Nou ka vin ak ti tèmòs n ap ka mete anba kote nou chita a. Men, anndan lokal kongrè a, yo pap aksepte nou vin ak glasyè, ak boutèy, ak bokal oswa ak nenpòt lòt resipyan ki ka kraze, ni ak bwason ki gen alkòl.
◼ Ofrann : Yo fè anpil depans pou òganize kongrè distri a. Nou kapab montre rekonesans nou lè nou mete ofrann volontè pou travay mondyal la nan bwat ofrann ki nan Sal Wayòm nan oswa nan kongrè a. Moun k ap bay chèk kòm ofrann dwe fè yo sou non “ Association chrétienne les Témoins de Jéhovah d’Haïti ”.
◼ Aksidan ak ijans : Si gen yon ijans medikal nan lokal kongrè a, tanpri kontakte yon manm nan sèvis akèy la ki nan zòn kote w ye a. L ap enfòme sèvis premye sekou a tousuit. Sèvis sa a kapab chèche konnen gravite sitiyasyon an epi li kapab pote èd li.
◼ Anrejistreman : Moun pa dwe ploge okenn aparèy sou sistèm elektrik ki nan lokal la oswa sou sistèm sonorizasyon an, e yo ta dwe sèvi ak aparèy sa yo yon fason pou yo pa deranje lòt moun.
◼ Fè foto : Si w ap fè foto pandan sesyon yo, tanpri pa sèvi ak flach.
◼ Pedjè ak telefòn selilè : Pedjè ak telefòn selilè dwe pwograme yon fason pou yo pa distrè lòt moun.
◼ Fòmilè “ suivre l’intérêt ” : Nou ta dwe sèvi ak fòmilè Veuillez suivre l’intérêt (S-43) pou nou bay enfòmasyon konsènan nenpòt moun nou te bay temwayaj enfòmèl pandan kongrè distri a ki montre l enterese. Pwoklamatè yo ta dwe vin nan kongrè a ak youn oubyen de fòmilè “ suivre l’intérêt ”. N ap jwenn fòmilè a tou nan sèvis piblikasyon nan kongrè a. Ou ka remèt fòmilè ou fin ranpli a nan sèvis piblikasyon an pou yo fè suivi, oubyen ou ka remèt li bay sekretè kongregasyon w lan lè w retounen. — Gade Ministè Wayòm fevriye 2005, paj 6.