Yon okazyon pou nou nouri nou espirityèlman e pou nou rejwi
1. Ki mwayen Jewova itilize pou l pran swen sèvitè l yo nan domèn espirityèl ?
1 Avèk amou, Jewova pran swen sèvitè l yo nan domèn espirityèl. Alòske monn nan ap mouri grangou nan domèn espirityèl, nou menm nou byen nouri nan domèn sa a (Iza. 65:13). Youn nan mwayen Jewova itilize pou l nouri nou espirityèlman se kongrè distri yo ki fèt chak ane. Èske w deja kòmanse fè planifikasyon pou w asiste tout sesyon nan kongrè distri k ap vini an, kongrè ki gen kòm tèm : “ Se lespri Bondye k ap gide nou ” ? Gen yon repa espirityèl ki apetisan e ki nourisan ki prepare pou nou.
2. Ki sa nou dwe fè pou nou prepare nou pou kongrè a ?
2 Fè bonjan planifikasyon : Bib la di : “ Plan yon moun ki dilijan ap pote avantaj san mank. ” (Pwo. 21:5). Se sa k fè, nan planifikasyon w ap fè pou w asiste toule twa jou kongrè a, si w ap oblije pran konje, li ta bon pou w pale sou sa ak patwon w depi kounye a. Si w ap bezwen lojman, èske w deja fè demach pou sa ? Anplis de sa, li ta bon tou pou w prevwa vin ak repa w yon fason pou w ka manje nan lokal kote kongrè a ap fèt la, dekwa pou w ka pwofite konpayi frè ak sè w yo. Fè aranjman pou w rive nan kongrè a bonè chak jou pou w ka gentan jwenn plas, pou w chante kantik la epi pou w koute priyè ki pral fèt nan kòmansman pwogram nan.
3. Ki jan nou ta dwe prevwa abiye pou kongrè a ?
3 Li ta bon pou nou asire nou rad nou prevwa mete yo se rad ki modès e teni nou ta dwe byen aranje (1 Tim. 2:9, 10). Kongrè distri yo ban nou yon bèl okazyon pou nou bay moun ki nan zòn kote nou ye a temwayaj. Lè nou toujou gen yon aparans ki diy lè nou nan vil kote n ap asiste kongrè a e nou toujou gen ensiy nou sou nou, l ap pi fasil pou moun k ap obsève nou yo wè nou diferan parapò ak moun ki pa kwayan yo e n ap fè yon bon enpresyon sou yo.
4. Ki sa k ap ede ni nou menm ni fanmi nou tire pwofi nan pwogram nan omaksimòm ?
4 Koute avèk atansyon : Se sèten nou pa vle pèdi menm yon ti kal nan manje y ap sèvi nan festen espirityèl sa a (Pwo. 22:17, 18) ! Lè nou suiv nan Bib nou lè oratè a ap li vèsè yo e nou pran nòt ki kout, sa ap ede nou rete konsantre sou pwogram nan, e konsa nou pap kite lòt bagay distrè nou. Nan aswè, nou ka sèvi ak nòt nou te pran yo pou nou pale ak lòt moun de pwen enteresan ki te gen nan pwogram nan. Sèdènyetan, yo remake nan kongrè yo gen kèk jèn ki chita ansanm k ap pale antre yo oswa k ap voye mesaj sou telefòn pandan pwogram nan ap dewoule. Si nou gen timoun, kit se gran timoun kit se timoun piti, li ta bon pou nou fè yo chita ansanm avèk nou pou nou koute pwogram nan an fanmi olye pou nou kite yo al chita ak lòt jèn parèy yo.
5. Ki sa nou ka fè pou nou ogmante jwa nou lè nou nan kongrè a ?
5 Pwofite konpayi frè ak sè yo : Nou pran plis plezi nan yon manje ki gou lè nou pataje l ak zanmi nou (Pwo. 15:17). Menm jan an tou, lè nou rasanble ak frè ak sè nou yo nan kongrè, sa ogmante jwa nou. Se sa k fè, lè yo bay poz, nou ta dwe pran plezi pou nou fè konesans ak lòt kongresis e pou nou pwofite de konpayi yo (Sòm 133:1). Lè prezidan sesyon an mande nou jantiman pou nou pran plas nou anvan mizik la kòmanse, li ta bon pou nou sispann konvèsasyon nou yo tousuit e pou n al chita nan plas nou anvan pwogram nan kòmanse.
6. Rakonte yon eksperyans ki montre youn nan okazyon nou genyen pou nou bay moun ki nan zòn kote kongrè a ap fèt la temwayaj.
6 Pwofite tout okazyon pou w bay temwayaj : Jeneralman, kongrè yo toujou ban nou bonjan okazyon pou nou bay temwayaj. Nan kèk peyi, gen kongresis ki konn al manje nan restoran apre pwogram nan. Kongresis sa yo konn jwenn sèvè ak lòt moun ki poze yo kesyon sou tèm kongrè a ki ekri nan ensiy kongresis sa yo gen sou yo. Sa konn mennen nan konvèsasyon. Konsa, kongresis sa yo konn gen okazyon pou yo bay bonjan temwayaj konsènan laverite. Kongresis yo konn envite kèk nan moun sa yo pou yo asiste lòt sesyon yo e yo konn vini.
7. Poukisa nou ta dwe asiste kongrè distri k ap vini an ?
7 Yo pase plizyè milye èdtan ap prepare pwogram nan, chèche lokal pou yo fè kongrè a, òganize diferan sèvis pou kongrè a, epi prepare diskou yo. Tout travay di sa yo frè nou yo te fè avèk amou pou yo prepare festen espirityèl sa a montre nou Jewova pran swen pèp li a avèk bonte. Se pou nou tout la nan festen sa a pou nou manje otan nou kapab ! Kontrèman ak monn nan, nou pral ‘ pouse kri kè kontan akoz bon kondisyon kè nou ’. — Iza. 65:14.
[Kare nan paj 4]
Rapèl pou kongrè distri a
◼ Orè : Pwogram nan ap kòmanse a 9:20 a.m. toule twa jou yo. Pòt yo ap ouvri apati 8:00 a.m. Lè yo kòmanse pase mizik, nou tout ta dwe chita nan plas nou, yon fason pou pwogram nan ka kòmanse nan lòd ak diyite. Pwogram nan ap fini a 4:55 p.m. nan vandredi ak nan samdi e a 4:00 p.m. nan dimanch.
◼ Pakin : Nan tout lokal kote asanble a ap fèt, kote se nou ki gen kontwòl pakin nan, w ap kapab pake machin ou san w pa peye. Se moun ki vin an premye yo k ap jwenn espas pou yo pake machin yo.
◼ Rezèvasyon plas : Rezève plas sèlman pou moun ki vwayaje nan menm machin avè w oubyen pou moun k ap viv nan menm kay avè w.
◼ Repa : Tanpri, pa soti deyò al achte nan men machann yo, pote manje nou pito. Nou ka vin ak ti tèmòs n ap ka mete anba kote nou chita a. Men, anndan lokal kongrè a, yo pap aksepte nou vin ak gwo glasyè, ak boutèy, ak bokal oswa ak nenpòt lòt resipyan ki ka kraze, ni ak bwason ki gen alkòl.
◼ Ofrann : Yo fè anpil depans pou òganize kongrè distri a. Nou kapab montre rekonesans nou lè nou mete ofrann volontè pou travay mondyal la nan bwat ofrann ki nan Sal Wayòm nan oubyen nan bwat ofrann ki gen nan lokal kongrè a. Moun k ap sèvi ak chèk pou yo fè ofrann dwe fè yo sou non Association Chrétienne “ les Témoins de Jéhovah d’Haïti ”.
◼ Aksidan ak ijans : Si gen yon ijans medikal nan lokal kongrè a, tanpri kontakte yon manm nan sèvis akèy la ki nan zòn kote w ye a. L ap enfòme sèvis premye sekou a tousuit. Sèvis sa a kapab chèche konnen gravite sitiyasyon an epi li kapab pote èd li.
◼ Anrejistreman : Moun pa dwe ploge okenn aparèy sou sistèm elektrik ki nan lokal la oswa sou sistèm sonorizasyon an, e yo ta dwe sèvi ak aparèy sa yo yon fason pou yo pa deranje lòt moun.
◼ Foto : Si w ap fè foto pandan sesyon yo, tanpri pa sèvi ak flach.
◼ Pedjè ak telefòn selilè : Pedjè ak telefòn selilè dwe pwograme yon fason pou yo pa distrè lòt moun.
◼ Fòmilè “ Suivre l’intérêt ” : Nou ta dwe sèvi ak fòmilè Veuillez suivre l’intérêt (S-43) pou nou bay enfòmasyon konsènan nenpòt moun nou te bay temwayaj enfòmèl pandan kongrè distri a ki montre l enterese. Pwoklamatè yo ta dwe vin nan kongrè a ak youn oubyen de fòmilè “ Suivre l’intérêt ”. N ap jwenn fòmilè a tou nan sèvis piblikasyon nan kongrè a. Ou ka remèt fòmilè ou fin ranpli a nan sèvis piblikasyon an pou yo fè suivi, oubyen ou ka remèt li bay sekretè kongregasyon w lan lè w retounen. — Gade Ministè Wayòm fevriye 2005, paj 6.