Jan pou nou prezante peryodik yo
Toudegad 1ye jen
“ Èske w panse ou t ap kontan viv nan kondisyon ki dekri la a nan vèsè enspire sa a ? [Li 2 Pyè 3:13. Ansuit, kite moun nan reponn.] Peryodik sa a esplike ki sa syèl tounèf ak tè tounèf la ye. Li montre tou ki jan lavi a pral diferan lè Bondye akonpli objektif li gen pou tè a. ”
Réveillez-vous! Me
“ Gen kèk moun ki kwè pou yon moun reyisi nan monn jodi a, li fèt pou l agresif. Poutan, gade ki konsèy Jezi te bay. [Li Matye 5:5, 9.] Èske w dakò ak sa l di a ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a souliye twa byenfè moun jwenn lè yo pasifik. ” Prezante atik ki kòmanse nan paj 28 la.
La Tour de Garde 1ye jen
“ Nan pifò kilti, gen yon lè yo te konn trete moun ki aje avèk respè, jan lwa sa a ki ansyen anpil montre sa. [Li Levitik 19:32.] Èske w panse yon respè konsa egziste toujou toupatou jodi a ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine fason Bondye pran swen moun ki aje yo e ki jan nou menm tou nou ka fè sa. ”
Réveillez-vous! Jen
“ Teworis pa fèk parèt, men jodi a li tounen yon fenomèn mondyal ki touche lavi prèske tout moun. Dapre ou, sa k fè sa ? [Kite moun nan reponn.] Réveillez-vous ! sa a montre, selon Labib, ki lè teworis ap fini e ki jan Bondye pral pote lapè toutbon sou tè a. ” Li Mika 4:4.