Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 me
“ Ki jan w t ap reponn kesyon sa a ? [Li kesyon ki sou paj kouvèti a. Apre sa, kite moun nan reponn.] Bib la ban nou rezon pou nou gen espwa. [Li Matye 6:9, 10.] Peryodik sa a esplike ki jan volonte Bondye pral fèt sou tè a pa mwayen Wayòm Li an. ”
Réveillez-vous! Me
“ Èske w panse Bondye deside alavans ki aksyon n ap poze ak ki jan vi nou ap pase ? [Kite moun nan reponn.] Mwen pral li yon vèsè pou ou ki montre Bondye kite lèzòm chwazi fason yo vle viv lavi yo. [Li Detewonòm 30:19.] Atik sa a montre ki sa Bib la di sou sijè sa a. ” Prezante atik ki kòmanse nan paj 12 la.
Toudegad 1ye jen
“ Prèske chak jou nou tande nouvèl konsènan moun ki fè gwo zak kriminèl. [Bay kòm egzanp yon zak ki te pase nan zòn nan.] Èske w konn mande tèt ou si gen yon fòs malveyan k ap enfliyanse moun yo ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Revelasyon 12:12.] Peryodik sa a montre ki jan nou kapab pwoteje tèt nou. ”
Réveillez-vous! Jen
“ Mwen ta renmen konnen opinyon w sou sijè sa a. [Li 1 Timote 6:10.] Èske w panse moun k ap viv sèlman pou yo fè lajan e k ap chèche byen materyèl soufri akoz de sa ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a esplike ki move efè kouri dèyè richès ka genyen sou yon moun. ”