Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 jiyè
“ Èske w panse ap janm gen yon gouvènman k ap kapab rezoud pwoblèm lèzòm ap konfwonte ? [Kite moun nan reponn.] Jezi te aprann disip li yo priye pou gouvènman sa a lè li te di yo pawòl nou jwenn nan Matye 6:9, 10. [Li vèsè yo.] Peryodik sa a esplike poukisa Wayòm Bondye a pi bon pase gouvènman imen yo e li dekri benediksyon li pral pote pou limanite. ”
Réveillez-vous! Jiyè
Si w rankontre yon jèn, ou kapab di : “ Anpil moun ki nan laj ou panse marye. Ki kote w panse ou kapab jwenn bonjan enfòmasyon sou sijè sa a ? ” [Kite moun nan reponn.] Note kiyès ki te etabli maryaj. [Li Matye 19:6.] Peryodik sa a bay kèk prensip biblik ki kapab ede nou bati yon maryaj ki bay kè kontan. ”
Toudegad 1ye out
“ Jodi a, li kouran pou nou wè moun ap maltrete lòt moun. Èske w panse bagay yo t ap chanje si plis moun te aplike pawòl sa yo Jezi te di ? [Li Matye 7:12. Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a montre ki jan, selon Labib, dwa fondamantal lòm genyen pou l viv avèk diyite pral reyalize. ”
Réveillez-vous! Out
“ Nou tout nou ta renmen jwenn bonjan swen sante. Èske w konnen anpil doktè jodi a ezite bay moun san ? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a esplike poukisa. Li esplike tou poukisa, selon Labib, Bondye konsidere san kòm yon bagay ki presye. ” Li Levitik 17:11.