BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/06 p. 1
  • Ede lòt moun vin zanmi Bondye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ede lòt moun vin zanmi Bondye
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Sou menm sijè a
  • Kouman pou w pwoche kote Bondye
    Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
  • Pwoche bò kote Bondye nan lapriyè
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Poukisa nou ta dwe priye toutan ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Paran, aprann pitit ou renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2006
km 10/06 p. 1

Ede lòt moun vin zanmi Bondye

1 Jodi a, y ap anseye moun ki soti nan tout nasyon chemen Jewova yo (Iza. 2:2, 3). Sepandan, pou moun sa yo “ pwodui fwi avèk andirans ”, yo dwe vin renmen Jewova (Lik 8:15 ; Mak 12:30). San yon lanmou konsa, yo pap gen fòs pou yo reziste kont move enfliyans ni yo pap gen kouraj pou yo fè sa ki byen. Youn nan fason nou kapab ede lòt moun devlope yon bon relasyon ak Jewova se lè nou ede yo gen plis apresyasyon pou kalite l yo. Ankouraje yo pou yo byen egzamine enfòmasyon ki nan liv Approchez-vous de Jéhovah a.

2 Egzanp ou bay : Fason w aji kapab gen yon gwo efè sou kè etidyan w yo. Lè yo remake ki jan w cheri amitye w ak Jewova, e yo remake ki jan sa enfliyanse lavi w, yo kapab vin motive pou yo menm tou yo kiltive yon relasyon konsa ak Jewova (Lik 6:40). Annefè, souvan, egzanp nou bay gen plis enfliyans sou lòt moun pase sa nou ta kapab di yo.

3 Youn nan prensipal mwayen paran yo kapab itilize pou yo anseye pitit yo se egzanp yo bay (Det. 6:4-9). Gen yon koup marye ki te vle leve pitit yo nan laverite, ki te mande kèk paran ki reyisi nan domèn sa a konsèy. Men sa mari a te di : “ Tout moun mwen te pale avèk yo te gen menm pwennvi. Yo te di egzanp paran enpòtan. ” Kidonk, nan fason paran yo mennen vi yo, y ap kapab bay pitit yo yon egzanp vivan k ap montre sa sa vle di pou yon moun “ zanmi Jewova ”. — Jak 2:23.

4 Priyè ki sot nan kè : Yon lòt fason nou kapab ede lòt moun pou yo kiltive amitye ak Jewova, se lè nou anseye yo pou yo priye ak tout kè yo. Nou kapab atire atansyon yo sou priyè modèl Jezi a ak anpil lòt priyè sensè ki nan Ekriti yo (Mat. 6:9, 10). Nan priyè n ap fè an prezans yo, nou kapab aprann ni pitit nou ni etidyan nou fason pou yo priye. Lè yo tande nou k ap priye ak tout kè nou, y ap wè santiman nou genyen pou Jewova. Ankouraje yo pou yo “ pèsevere nan lapriyè ” lè y ap fè fas ak eprèv (Wom. 12:12). Lè yo fè eksperyans kote Jewova ede yo nan moman detrès, y ap vin fè l konfyans e y ap vin renmen l antanke yon vrè zanmi. — Sòm 34:8 ; Fil. 4:6, 7.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje