BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/06 p. 8
  • Èske w gen tèritwa pèsonèl pa w ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w gen tèritwa pèsonèl pa w ?
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Sou menm sijè a
  • Èske sa t ap itil ou si w ta gen yon tèritwa pèsonèl?
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Metòd pou nou preche bon nouvèl la
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Lè pa gen moun nan kay la
    Ministè Wayòm nan — 2007
Ministè Wayòm nan — 2006
km 12/06 p. 8

Èske w gen tèritwa pèsonèl pa w ?

1. Ki sa yon tèritwa pèsonèl ye ?

1 Yon tèritwa pèsonèl se yon tèritwa yo ba ou pou w preche. Li kapab yon kote li fasil pou w ale yon fason pou w ka rive ladan l vit e pou w preche ladan l, swa poukont ou, swa ak yon lòt pwoklamatè. Byenke li enpòtan pou nou soutni aranjman kongregasyon an fè pou nou preche an gwoup lè sa posib, lè nou gen yon tèritwa pèsonèl pou nou preche nan lòt okazyon, sa kapab ede nou bay yon temwayaj afon, espesyalman nan kongregasyon ki gen anpil tèritwa. — Tra. 10:42.

2. Ki avantaj ki genyen lè nou gen tèritwa pèsonèl ?

2 Avantaj : Gen frè ak sè ki jwenn lòt byenfè lè yo preche nan tèritwa pèsonèl ki pre travay yo diran pòz midi oswa imedyatman apre yo fin travay. Gen lòt ki pran plezi pou yo travay ansanm an fanmi sou katye lakay yo pandan anviwon inèdtan anvan etid liv kongregasyon an. Kòm rezilta, vizit ak etid biblik yo te jwenn nan tèritwa pèsonèl yo a te pre, e pakonsekan, yo te ekonomize tan ak efò e yo te fè mwens depans. Lefètke nou kapab fè plis travay nan mwens tan, yon tèritwa pèsonèl kapab ede kèk frè ak sè pou yo pran sèvis pyonye oksilyè detanzantan oswa pou yo menm pran sèvis pyonye pèmanan. Anplis de sa, lè nou preche nan tèritwa pèsonèl e nou vin pi abitye ak moun yo, sa fè moun yo fè nou konfyans e sa pèmèt nou adapte prezantasyon nou yo selon sousi yo genyen, konsa, ministè nou ap vin pi efikas.

3. Ki eksperyans yon pyonye ki te gen yon tèritwa pèsonèl te fè ?

3 Gen yon pyonye yon siveyan itineran te ankouraje pou l gen yon tèritwa pèsonèl ki di : “ Mwen te koute konsèy sa a, e mwen pa t pran lontan pou m vin konnen moun ki nan tèritwa m nan byen e pou m vin gen relasyon amikal ak yo. Mwen te fè ajisteman nan lè mwen t al fè vizit yo pou l ka koresponn ak lè ki bon pou yo. Kòm rezilta, vizit mwen yo te ogmante soti nan 35 vizit pa mwa pou rive nan plis pase 80 vizit pa mwa, e mwen gen 7 etid biblik. ”

4. Ki sa pou w fè pou w jwenn yon tèritwa pèsonèl e ki jan w kapab preche ladan l ?

4 Sa pou w fè pou w gen yon tèritwa pèsonèl : Si w vle mande yon tèritwa pèsonèl, pale ak responsab tèritwa a. Pa ezite envite yon lòt pwoklamatè travay ansanm avè w, epi note kay kote moun yo pa la. Bat pou w fin preche tèritwa a nan kat mwa. Si w gen difikilte pou w rive fè sa, ou kapab mande siveyan etid liv ou a oswa lòt moun pou yo ede w. Apre kat mwa, ou kapab swa remèt tèritwa a, swa mande pou w preche ladan l ankò. Sepandan, ou pa ta dwe kenbe tèritwa a nèt, men, ou ta dwe remèt li yon fason pou lòt frè ak sè ka mande pou yo preche ladan l. Si w nan yon kongregasyon ki pa gen anpil tèritwa, e li pa posib pou w jwenn yon tèritwa pèsonèl, petèt ou ta kapab mande siveyan etid liv ou a pou l ba w yon pati nan tèritwa ki sou responsablite l la.

5. Ki sa ki nesesè pou nou akonpli misyon nou genyen pou nou preche a ?

5 Se yon gwo defi pou nou preche bon nouvèl la “ sou tout latè ki abite ”. (Mat. 24:14.) Sa mande bonjan kolaborasyon nan efò n ap fè. Lè nou preche an gwoup e anplis nou preche nan tèritwa pèsonèl, sa kapab ede nou atenn plis moun posib ak bon nouvèl la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje