BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/00 p. 2
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Èske w gen tèritwa pèsonèl pa w ?
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Èske sa t ap itil ou si w ta gen yon tèritwa pèsonèl?
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Fason pou w preche nan tèritwa ki gen biznis
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Èske kongregasyon nou gen anpil tèritwa ?
    Ministè Wayòm nan — 2002
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2000
km 8/00 p. 2

Repons kesyon w yo

◼ Èske kongregasyon an ta dwe gen yon gran kat tèritwa ki afiche nan Sal Wayòm nan ?

Wi, ta dwe gen yon gran kat tèritwa monte nan yon ankadreman, epi afiche sou yon mi nan Sal Wayòm nan. Yo pa ta dwe mete kat la sou tablo afichaj la. Yo ta dwe trase tout limit tèritwa kongregasyon an ak limit chak ti tèritwa apa ansanm ak nimewo tèritwa sa yo. Yo fèt pou montre limit tèritwa tout kongregasyon ki sèvi nan menm Sal Wayòm nan. Sa pral ede pwoklamatè ak moun enterese ki nouvo yo, detèmine nan tèritwa ki kongregasyon yo abite. Montre kote etid liv yo ye sou kat la pral ede pwoklamatè yo tou pou yo rekonèt anplasman etid liv yo fè pati a. Kat la ta fèt pou l toujou ajou.

Afiche yon kat ap sèvi pou fè tout pwoklamatè sonje li ta bon pou yo genyen tèritwa pèsonèl pa yo, si sa posib. Kat la ap itil pou moun ki ta renmen chwazi yon tèritwa pre lakay yo. Pafwa l ap fè yo sove tan nan reyinyon pou predikasyon. L ap pèmèt kondiktè a dirije chak gwoup pwoklamatè san pèdi tan nan zòn yo ba yo pou yo travay la.

Kat la montre aklè tou kongregasyon an òganize pou l preche mesaj Wayòm nan an pwofondè nan tèritwa yo atribye l la. — Lik 9:6.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje