BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/09 p. 4
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2009
km 2/09 p. 4

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 1ye fevriye

“ Èske w panse Bondye koute tout priyè ? [Kite moun nan reponn.] Gade ki sa Jezi di sou kesyon sa a. [Li Matye 6:7.] Atik sa a enteresan anpil, li bay repons pou kat kesyon moun konn poze tèt yo souvan konsènan lapriyè. ” Montre atik ki kòmanse nan paj 16 la.

Réveillez-vous! Fevriye

“ Anpil moun kwè tout sa k rive yon moun se yon bagay ki te planifye alavans. Yo kwè nan desten. Sa w panse ou menm ? [Kite moun nan reponn.] Nou pral li yon vèsè ki montre nou kapab chwazi jan lavi nou ap ye alavni. [Li Detewonòm 30:19.] Atik sa a pale sou sa Labib di konsènan desten. ” Montre atik ki kòmanse nan paj 12 la.

La Tour de Garde 1ye mas

“ Èske w panse tout sa k rive nan lavi a te deja planifye alavans ? [Kite moun nan reponn.] Gade sa Bib la di sou sa. [Li Eklezyas 9:11.] Peryodik sa a esplike byenke Bondye planifye yon bèl avni pou tè a, li kite nou chak chwazi chemen nou vle suiv nan lavi a. ”

Réveillez-vous! Mas

“ Jodi a, gen anpil moun k ap soufri akoz enkyetid yo genyen konsènan lajan, sitou nan peryòd kriz ekonomik sa a. Èske w remake sa tou ? [Kite moun nan reponn.] Gade yon konsèy ekilibre Bib la bay. [Li 1 Timote 6:8, 10.] Peryodik sa a bay kèk prensip ki kapab ede nou sèvi ak lajan nou genyen yon fason pou lespri nou toujou anpè. ”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje