“ Byennere moun ki kontinye andire eprèv ”
1 Tout kretyen oblije fè fas ak eprèv (2 Tim. 3:12). Eprèv yo vin sou tout fòm. Pafwa yo vin sou fòm maladi, pwoblèm ekonomik, tantasyon, pèsekisyon e sou plizyè lòt fòm ankò. Men, eprèv Satan mete devan nou yo se nan objektif pou l fè nou ralanti nan ministè nou, pou nou neglije l, oswa menm pou nou sispann sèvi Bondye (Jòb 1:9-11). Ki sa k fè nou jwenn kè kontan lè nou andire anba eprèv ? — 2 Pyè 2:9.
2 Prepare nou pou eprèv yo : Jewova ban nou Pawòl li a ki se verite. Ladan l nou jwenn istwa lavi Jezi ak ansèyman li yo. Lè nou koute pawòl Jezi yo e nou aplike pawòl sa yo, nou vin gen yon baz solid e konsa nou prepare lespri nou pou eprèv (Lik 6:47-49). Nou kapab jwenn fòs nan men frè ak sè nou yo nan kongregasyon an, nan reyinyon yo, nan piblikasyon biblik esklav fidèl ki prevwayan an pibliye. Nou bezwen lapriyè anpil paske lapriyè se yon kado presye Bondye ban nou. — Mat. 6:13.
3 Jewova ban nou yon esperans tou. Lè nou bati lafwa nou nan pwomès Jewova yo, esperans nou vin tankou yon “ ank pou nanm nou, li sèten e anmenmtan li solid ”. (Ebre 6:19.) Nan tan biblik yo, menm lè pa t gen move tan, bato yo pa t janm konn deplase kite pò yo san yo pa gen yon ank. Konsa, si bridsoukou ta vin gen yon tanpèt, yo t ap annik lage ank lan e sa t ap anpeche bato a al frape nan resif. Menm jan an tou, si depi kounye a nou bati fwa nou nan pwomès Jewova yo, sa ap ede nou rete stab lè nou anfas gwo pwoblèm ki tankou van tanpèt. Pwoblèm yo kapab parèt bridsoukou. Lè Pòl ak Banabas t ap preche nan vil Lis, okòmansman, moun nan vil sa a te byen akeyi yo. Men, bridsoukou sitiyasyon an te vin chanje lè yon seri Juif ki te opoze ak yo te vin rive nan vil la. — Tra. 14:8-19.
4 Andirans bay kè kontan : Lè nou kenbe fèm nan travay predikasyon an malgre opozisyon, sa fè lespri nou anpè. Nou rejwi lè yo jije nou diy pou yo avili nou poutèt Kris (Tra. 5:40, 41). Lè nou andire anba eprèv, nou vin devlope yon seri kalite tankou, imilite ak obeyisans, e nou vin gen plis andirans (Det. 8:16 ; Ebre 5:8 ; Jak 1:2, 3). Sa aprann nou tou pou nou konte sou Jewova, pou nou mete konfyans nou nan li, e pou nou chèche refij bò kote l. — Pwo. 18:10.
5 Nou konnen eprèv yo pa la pou toutan (2 Kor. 4:17, 18). Yo ban nou opòtinite pou nou demontre jis nan ki pwen nou renmen Jewova. Lè nou andire eprèv, nou reponn akizasyon Satan an. Se sa k fè nou pap abandone ! “ Byennere moun ki kontinye andire eprèv, paske lè l fin tounen yon moun yo apwouve, l ap resevwa kouwòn lavi a. ” — Jak 1:12.