BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/07 p. 8
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2007
km 8/07 p. 8

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 15 out

“ Mwen ta renmen tande opinyon w sou sa ki di nan vèsè sa a. [Li Ebre 3:4.] Èske w dakò linivè gen yon Kreyatè entèlijan ki te fè l ? [Kite moun nan reponn.] Nan peryodik sa a yo pral montre si wi ou non kwayans nan yon Kreyatè ann amoni ak vrè syans lan. ”

Réveillez-vous! Out

Lè w rankontre yon jèn ou ka di : “ Anpil moun nan laj ou konn soufri anpil poutèt yo fè tripotay sou yo . Èske sa deja rive w ? [Kite moun nan reponn.] Bib la bay bon konsèy ki ka ede nou si moun ta fè tripotay sou nou. Li montre tou ki sa nou menm nou ka fè pou nou evite fè tripotay sou do lòt moun. ” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 12 la, epi li youn nan vèsè ki nan atik la.

Toudegad 1ye septanm

“ Anpil moun panse ‘ Ansyen Testaman ’ an gen enfòmasyon istorik ki itil. Men y ap mande tèt yo si konsèy ki ladan l yo aplikab pou jodi a. Ki sa w panse  ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Women 15:4.] Peryodik sa a montre jan ‘ Ansyen Testaman ’ an bay konsèy ki pwofitab pou moun suiv nan lavi y ap mennen chak jou e li bay bonjan espwa pou lavni. ”

Réveillez-vous! Septanm

“ Èske w panse se Bondye ki fè katastwòf natirèl yo ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Detewonòm 32:4.] Peryodik sa a esplike poukisa Bondye pèmèt katastwòf natirèl yo fèt. Li montre tou ki sa nou ka fè pou nou pwoteje fanmi nou. ”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje