Annou ede moun ki pòv yo gen espwa
1 Jezi te enterese patikilyèman ak moun ki pòv yo. Nan plizyè okazyon, li te fè mirak pou l ede yo nan domèn materyèl e li te geri sa k te malad yo, sepandan sa l te bay priyorite se te anonse yo “ bon nouvèl la ”. (Mat. 11:5.) Jodi a, travay predikasyon an kontinye pote byenfè ni pou moun ki pòv yo ni pou lòt kalite moun ankò. — Mat. 24:14 ; 28:19, 20.
2 Yon espwa reyèl : Minis lakretyente yo pwomèt moun ki pòv yo sitiyasyon ekonomik yo ap amelyore si yo bay ofrann avèk jenewozite nan legliz kote yo mache. Sepandan, Bib la fè konnen se sèl Wayòm Bondye a ki pral mete fen nan povrete e ki pral rezoud tout pwoblèm limanite (Sòm 9:18 ; 145:16 ; Iza. 65:21-23). Lè nou montre moun ki pòv yo sa Labib anseye toutbonvre, nou ba yo espwa e nou ede yo satisfè bezwen espirityèl yo. — Mat. 5:3.
3 Farizyen yo ki t ap viv nan epòk Jezi a te meprize moun ki pòv yo. Yo pa t gen okenn respè pou moun sa yo, yo te rele yo ‘am-ha·’aʹrets, ekspresyon ki vle di “ moun ki nan mas pèp la ”. Sepandan, “ san ” moun sa yo oswa vi yo te “ gen valè ” nan je Jezi (Sòm 72:13, 14). Nou kapab imite Jezi e nou kapab ‘ fè moun sa yo favè ’ lè nou montre nou byenveyan e nou montre nou gen konpasyon pou yo (Pwo. 14:31). Nou pa dwe janm pale avèk mepri ak moun k ap viv nan zòn defavorize yo ni nou pa dwe janm montre nou retisan pou nou ba yo temwayaj. Anpil nan moun ki byen reyaji devan bon nouvèl Wayòm nan se moun ki pòv.
4 Annou ede yo : Lè nou anseye moun ki pòv yo prensip biblik yo, tousuit sa ede yo diminye efè povrete genyen sou kalite lavi y ap mennen. Pa egzanp, Labib kondane eksè nan bwè alkòl, jwèt aza, parès, fimen ak lòt pratik ki mennen nan povrete (Pwo. 6:10, 11 ; 23:21 ; 2 Kor. 7:1 ; Efe. 5:5). Ekriti yo ankouraje moun pou yo onèt e pou yo ‘ travay ak tout nanm yo ’, yon seri kalite patwon yo ap chèche lakay anplwaye (Kol. 3:22, 23 ; Ebre 13:18). Anfèt, gen yon sondaj yo te fè ki revele pifò patwon yo fè konnen sa ki pi enpresyone yo lakay moun ki vin chèche travay nan antrepriz yo se kalite tankou onètete ak entegrite.
5 Jewova pa ensansib devan soufrans moun ki pòv yo. Talè konsa, Jezi Kris pral delivre moun ki ‘ pòv yo k ap rele osekou ’ (Sòm 72:12). Annatandan, nou gen privilèj pou nou rekonfòte pwochen nou yo, san wete moun ki pòv yo, grasa mesaj espwa ki gen nan Bib la.