Pi gwo kanpay predikasyon ki fèt depi monn nan egziste !
Depi plis pase yon syèk, Temwen Jewova yo òganize yo pou yo simaye bon nouvèl la sou tout tè a (1 Kor. 9:23). Travay sa a vin pi gwo kanpay predikasyon ki fèt depi monn nan egziste, nou preche bon nouvèl la nan plizyè santèn lang. Nou preche mesaj sa a nan plis pase 230 peyi (Mat. 24:14). Men poukisa travay sa a nesesè ? E ki jan l ap akonpli sou tout tè a ?
Pou reponn kesyon sa yo, videyo Les Témoins de Jéhovah : organisés pour prêcher la bonne nouvelle ap pèmèt nou wè pi an detay divès aktivite ki genyen nan travay entènasyonal n ap fè a. Pandan w ap gade videyo sa a, w ap jwenn repons pou kesyon ki vin annapre yo : 1) Ki jan aktivite Temwen Jewova yo òganize e ki jan yo dirije aktivite sa yo ? 2) Ki wòl sèvis nou pral site la yo jwe nan travay pwoklame bon nouvèl la : sèvis redaksyon, sèvis tradiksyon, depatman kote yo fè travay nan domèn atistik ak depatman ki responsab anrejistreman odyo e videyo ? 3) Nan ki objektif nou fè plizyè gwo travay nan domèn enprimri ak nan domèn ekspedisyon (Jan 17:3) ? 4) Konbyen piblikasyon yo enprime nan yon ane ? 5) Ki travay piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la akonpli (Ebre 4:12) ? 6) Ki travay k ap fèt pou ede moun ki avèg yo ak moun ki soud yo ? 7) Ki kote yo jwenn kòb pou finanse travay la ? 8) Ki jan nou tire pwofi nan travay Komite lyezon ospitalye yo ap fè, nan travay Biwo sèvis ak nan travay Biwo kongrè ? 9) Antanke Temwen Jewova, ki jan videyo sa a ede w gen plis rekonesans pou a) efò òganizasyon Jewova a ap fè pou soutni predikasyon bon nouvèl la ? b) fanmi Betèl la ki repati nan plis pase 100 filyal nan lemonnantye ? c) fòmasyon y ap bay siveyan itineran yo ak misyonè yo ? d) konsèy pou nou egzamine yon tèks pou jounen an chak jou e pou nou prepare reyinyon yo ? e) byenfè nou jwenn lè nou asiste rasanbleman kretyen nou yo ? f) Jan tè a pral ye lè li tounen yon paradi (Iza. 11:9) ? g) lefètke w patisipe nan travay rekòt k ap fèt la ? — Jan 4:35.
Ki bon reyaksyon paran w, zanmi w, moun ou te retounen al vizite ak moun k ap etidye Labib, te genyen lè yo te gade videyo sa a ? Èske w pa panse li t ap bon pou w envite yon lòt moun gade videyo sa a avè w trè byento, epi pou w pataje bon nouvèl la avè l ? — Mat. 28:19, 20.