BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/08 p. 1
  • Se pou nou pwogrese nan ministè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Se pou nou pwogrese nan ministè a
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Fason pou nou fòme nouvo yo pou y al preche
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Èske w akonpli sèvis ou nèt?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Chèche gen objektif espirityèl
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Ann kontinye preche avèk zèl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2008
km 4/08 p. 1

Se pou nou pwogrese nan ministè a

1 Papa nou ki nan syèl la kontan lè sèvitè l yo fè pwogrè nan domèn espirityèl. Sa gen ladan l pou yo fè pwogrè dekwa pou yo vin yon minis bon nouvèl la ki gen matirite e ki efikas. Pòl te ankouraje Timote, yon siveyan, pou l kontinye fè tout posib li pou pwogrè l parèt vizib pou tout moun (1 Tim. 4:13-15). Nou tout dwe fè efò pou nou amelyore kalite ministè nou, menm pwoklamatè ki gen eksperyans pami nou yo ladan l tou.

2 Fikse objektif pèsonèl : Pou nou pwogrese sa mande pou nou fikse objektif pèsonèl. Ki objektif konsa nou ka fikse ? Nou ka eseye vin pi maton lè n ap sèvi ak epe espirityèl la, anpalan de Bib la (Efe. 6:17). Petèt gen yon fasèt nan ministè a li nesesè pou nou fè amelyorasyon ladan l, tankou bay temwayaj nan lari, nan telefòn, oubyen preche nan tèritwa ki gen biznis. Petèt nou ka fè efò pou nou fè nouvèl vizit yon fason ki pi efikas. Yon lòt bèl objektif nou ka fikse se amelyore kapasite nou genyen pou nou kòmanse etid biblik e pou nou kontinye kondui etid sa yo.

3 Kèk dispozisyon yo pran pou ede nou : Reyinyon kongregasyon an, Lekòl ministè teyokratik la ak reyinyon sèvis la an patikilye, fèt pou ede nou amelyore nou antanke minis. Plis nou fè efò pou nou prepare reyinyon yo, pou nou asiste yo e pou nou aplike sijesyon yo bay ladan yo, nou ka sèten, pwofi n ap jwenn yo ap anpil tou. — 2 Kor. 9:6.

4 Anplis de sa, nou youn bezwen ede lòt fè pwogrè (Pwo. 27:17). Avèk atansyon, si nou koute prezantasyon moun ki akonpaye nou nan ministè a, sa ap ede nou amelyore prezantasyon pa nou yo. Mete sou sa, siveyan etid liv nou an ka pran dispozisyon pou nou resevwa èd pèsonèlman. Se pa ti benediksyon sa ye lè nou gen yon pyonye ki gen eksperyans, oubyen yon lòt pwoklamatè, k ap ede nou pou nou vin pi efikas e k ap ede nou pou nou jwenn plis jwa nan ministè a ! Èske gen yon nouvo pwoklamatè nan gwoup etid liv nou an ? Petèt nou ka pran inisyativ pou nou envite l preche ak nou.

5 Ministè n ap akonpli a antanke kretyen se travay ki pi enpòtan k ap fèt jodi a. Toutpandan n ap ofri Jewova yon “ sakrifis louwanj ”, nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou ba li sa nou genyen ki pi bon an (Ebre 13:15). Si nou fè efò pou nou pwogrese nan ministè a, n ap vin ‘ yon ouvriye ki pa gen anyen pou l wont, yon ouvriye ki manyen pawòl verite a kòrèkteman ’. — 2 Tim. 2:15.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje