Chèche gen objektif espirityèl
1 Sèvi Jewova pou letènite : ala yon bèl privilèj sa pral ye ! Yon bagay ki ka ede nou atenn objektif sa a, se si, depi kounye a, nou chèche gen objektif espirityèl e nou fè efò pou nou atenn yo. Sa ede nou pou nou pa fè mouvman nil (1 Kor. 9:26). Ki objektif ou panse ou menm ou ta an mezi pou w atenn ?
2 Etid biblik pèsonèl : Èske w toujou prepare reyinyon w ? Si w toujou prepare, èske w konn pran yon ti tan pou w fè rechèch e pou w medite sou sijè w ap etidye a ? Pa egzanp, lè w ap prepare etid La Tour de Garde oswa etid liv pou semèn nan, èske w kontante w souliye repons kesyon yo, oswa èske w konn chèche vèsè yo site yo ? Èske w konn reflechi sou rezon ki fè se tèl esplikasyon yo bay ? Èske w pa ta ka gen sa kòm objektif pou w fè yon ti rechèch, chak semèn, sou lekti Labib ki parèt nan pwogram Lekòl ministè teyokratik la ? Pou yon moun fouye konsa, se vre sa mande tan ak efò, men se pa ni de ni twa benediksyon espirityèl li jwenn lè l rive fè l toutbonvre. — Pwo. 2:4, 5.
3 Reyinyon : Yon lòt objektif li bon pou yon moun genyen, se asiste toule senk reyinyon kongregasyon an chak semèn. Lè w rive byen bonè nan reyinyon pou w ka pase yon ti moman ak frè yo, e pou w patisipe nan kantik ak priyè yo fè pou kòmanse, sa bay posiblite amelyore bèl anbyans ki gen nan kongregasyon an. Li byen tou pou nou fè sa n kapab pou n fè kòmantè nan chak reyinyon e pou n amelyore kòmantè sa yo. Petèt ou kapab esplike ki rapò ki genyen ant yon vèsè yo site nan yon paragraf ak sijè y ap diskite a. Oubyen ou kapab atire atansyon sou fason yon moun ka mete sa l ap aprann nan an pratik chak jou nan lavi l. — Ebre 10:24, 25.
4 Predikasyon : Ministè nou amelyore anpil lè nou gen objektif. Èske pèsonèlman ou gen yon kantite lè ou prevwa pase nan predikasyon chak mwa ? Gen moun ki twouve sa itil. Oubyen, èske w ta ka pwogrese nan kèk aspè nan ministè w, tankou sèvi ak Bib la lè w ap preche kay an kay, fè vizit ki pi efikas, kòmanse etid biblik oswa fè etid pi byen ?
5 Paran, èske nou ankouraje pitit nou pou yo chèche gen objektif nan sèvis Jewova ? Ede yo konprann sèvi kòm pyonye, kòm misyonè, oswa kòm manm fanmi Betèl la se yon bèl bèl fason pou yo montre nan ki pwen yo apresye sa Jewova fè pou yo. — Ekl. 12:1.
6 Lè nou egzamine aktivite nou, nou chèche gen objektif espirityèl e nou travay pou nou atenn yo, non sèlman sa fè nou gen plis jwa nan sèvis nou, men tou, nou vin tounen yon sous ankourajman pou lòt moun. — Wom. 1:12.