Ou ka vin rich !
1. Poukisa ou ta dwe konsidere sitiyasyon w pou w wè si w ka pran sèvis pyonye pèmanan ?
1 Èske w ta renmen jwenn plis jwa e ou ta renmen akonpli plis bagay nan lavi w ? Èske w pran plezi pou w ede lòt moun ? Èske sa ba w satisfaksyon ? Èske w ta renmen fè plis nan sèvis w ap bay Jewova a ? Si w reponn wi pou kesyon sa yo, ou ta dwe egzamine sitiyasyon w pou w wè si w ka pran sèvis pyonye pèmanan. Se vre, se pa tout moun ki ka pran sèvis pyonye pèmanan. Si nou gen responsablite familyal oswa lòt responsablite Bib la ban nou, si sante nou pa fin twò anfòm oubyen si nou limite fizikman, sitiyasyon sa yo ka anpeche nou pran sèvis pyonye pèmanan.
2. Site kèk nan richès pyonye pèmanan yo jwenn.
2 Salomon, yon ekriven Bondye enspire, te montre gen yon relasyon etwat ant richès materyèl ak benediksyon Bondye bay (Pwo. 10:22). Men, jodi a, se sitou richès espirityèl Jewova ban nou kòm benediksyon. Pyonye pèmanan yo jwenn jan de richès sa yo ann abondans. Pa egzanp, yo jwenn plis kè kontan lè yo ‘ rachte tan ’ sou aktivite pèsonèl yo pou yo ka ede lòt moun (Kol. 4:5 ; Tra. 20:35). Jewova wè travay pyonye pèmanan yo ap fè avèk amou e li apresye travay sa yo. ‘ Trezò sa yo pyonye yo sere nan syèl ’ la pap janm pèdi valè (Mat. 6:20 ; Ebre 6:10). Anplis de sa, plis pyonye yo gen yon ‘ je ki senp ’ e yo mete konfyans yo nan Jewova pou l ba yo sa yo gen bezwen pou yo viv, se plis relasyon yo ak Jewova ap vin pi solid. — Mat. 6:22, 25, 32 ; Ebre 13:5, 6.
3. Ki diferans ki genyen ant pousuiv richès espirityèl ak pousuiv richès materyèl ?
3 Lè yon moun ap kouri dèyè richès materyèl, sa mennen l nan “ anvi ki ensanse e ki nuizib ”. (1 Tim. 6:9, 10 ; Jak 5:1-3.) Benediksyon Jewova bay yo pa janm mennen nan bagay sa yo. Lefètke pyonye yo pase pifò tan yo nan ministè a, sa ede yo rete ekilibre espirityèlman e sa ede yo konsantre yo sou bagay ki pi enpòtan yo (Fil. 1:10). Te gen yon frè ki enjenyè ki te abandone karyè l, yon karyè ki te pran anpil tan, pou l te ka pran sèvis pyonye pèmanan. Men sa l di : “ Mwen te twouve travay mwen an twò stresan. Men, sèvis pyonye a pa konsa. Kounye a, mwen ede lòt moun e mwen anseye yo laverite. Mwen jwenn plis satisfaksyon lontan lè mwen ede lòt moun aksepte laverite. ”
4. Ki benediksyon pyonye pèmanan yo jwenn pandan y ap ede lòt moun jwenn benediksyon ?
4 Ede lòt moun jwenn benediksyon : Jodi a, chak moun ap fè fas ak “ tan ki kritik e ki difisil pou moun sipòte ”. (2 Tim. 3:1.) Moun toupatou bezwen gen espwa. Pwoklamatè Wayòm nan kontan lè se yo ki ede moun sa yo ki dezespere vin gen yon etadespri optimis ofiramezi y ap byen reyaji devan bon nouvèl la. Pyonye pèmanan yo jwenn plis kè kontan toujou, paske yo pase plis pase 800 èdtan chak ane nan travay sa a, yon travay k ap sove lavi moun ! — 1 Tim. 4:16.
5, 6. Ki sa k ka ede w pran sèvis pyonye pèmanan ?
5 Èske w reflechi seryezman sou posiblite pou w pran sèvis pyonye pèmanan ? Sa ka mande pou w “ rachte moman apwopriye ” sou lòt bagay ki gen mwens enpòtans (Efe. 5:15, 16). Gen anpil moun ki fè sa, yo senplifye lavi yo, sa ede yo redui kantite tan yo pase nan travay pwofàn yo, yon fason pou yo ka gen plis tan pou yo fè enterè Wayòm nan avanse. Èske w ka aranje w pou w fè menm jan ak yo ?
6 Mande Jewova sajès pou w ka rive etabli yon pwogram ki pratik (Jak 1:5). Ki benediksyon w ap jwenn anretou ? W ap jwenn richès espirityèl ann abondans. Nan domèn materyèl, Jewova ap beni w tou piske l ap ba w sa w gen bezwen (Mat. 6:33). Moun ki mete Jewova aleprèv nan sans sa a ap resevwa ‘ benediksyon toutbonvre jiskaske pa gen nesesite ankò ’. — Mal. 3:10.