Lè moun n ap preche a pale yon lòt lang
1. Poukisa chak jou vin gen plis nesesite pou kongregasyon yo kowopere lè y ap preche nan tèritwa a ?
1 Toupatou sou tè a, chak jou li vin pi kouran pou pwoklamatè yo rankontre moun ki enterese men ki pale yon lang ki pa menm ak lang moun nan kongregasyon pa yo pale. Pou yo ka ede moun sa yo nan domèn espirityèl, anpil filyal twouve li nesesè pou yo fòme kèk gwoup ak kèk kongregasyon nan lòt lang. Piske nan yon menm zòn moun ki abite ladan l yo konn pa pale menm lang, plizyè kongregasyon ki pale lang diferan ka preche nan yon menm tèritwa. Ki jan kongregasyon yo ka kowopere pou yo ka sèten travay predikasyon an òganize yon fason ki òdone ? — 1 Kor. 14:33.
2. Lè n ap preche kay an kay, ki jan nou ka kowopere ak gwoup oswa ak kongregasyon ki pale yon lòt lang ki nan menm zòn ak nou ?
2 Bonjan kowoperasyon : Lè yon pwoklamatè ap preche nan lari oswa lè l ap fè enfòmèl, li ka preche nenpòt moun li rankontre san wete moun ki pale yon lòt lang, e li ka ofri moun nan piblikasyon nan lang moun nan prefere. Sepandan, lè y ap preche kay an kay nan tèritwa kote lòt gwoup oswa lòt kongregasyon ki pale lòt lang konn preche, yon pwoklamatè ta dwe konsantre sou kay kote moun yo pale lang moun nan kongregasyon l lan pale a. Lè gen kongregasyon diferan ki preche nan menm zòn nan, li trèzenpòtan pou yo toujou pran bonjan enfòmasyon konsènan tout moun yo rankontre nan tèritwa a ki pale yon lòt lang. Siveyan sèvis yo dwe kominike antre yo pou yo ka òganize bagay yo yon fason ki pwofitab pou tout moun (Pwo. 11:14). Sepandan, si yon pwoklamatè rankontre yon moun ki pale yon lòt lang pandan l ap preche kay an kay e pa gen kongregasyon nan lang sa a nan zòn nan, li ta dwe fè tout sa l kapab pou l bay moun ki enterese a temwayaj e pou l kontinye ede l.
3. Lè n ap preche ki jan nou ta dwe reyaji lè nou rankontre pwoklamatè ki pale yon lòt lang ki soti nan yon lòt gwoup oswa yon lòt kongregasyon k ap preche nan menm tèritwa a tou ?
3 Menm travay la : Ki jan bagay yo ta dwe òganize lè pwoklamatè ki nan diferan kongregasyon ap preche nan yon menm tèritwa, menm jou ? Sètènman lanmou nou genyen antanke kretyen ap kraze tout baryè ki genyen nan kesyon lang, e se de bezwen moun ki nan tèritwa a nou tout dwe sousye nou toudabò (Jan 13:34, 35). Se sa k fè, moun ki pran latèt yo ap demontre yo rezonab e y ap montre yo gen lanmou lè yo deside si wi ou non yon gwoup ta dwe kite tèritwa a pou l al nan yon lòt tèritwa pou moman an. — Jak 3:17, 18.
4. Ki pwofesi k ap reyalize jodi a ?
4 Bib la te predi t ap gen moun ki soti nan tout lang ki t ap tande bon nouvèl la (Rev. 14:6, 7). Lè tout moun byen kowopere, sa ap pèmèt nou evite sitiyasyon kote plizyè pwoklamatè preche menm kay yo. Konsa, n ap ka atenn plis nouvo moun ak bon nouvèl la, san wete moun ki pale yon lòt lang. — Efe. 4:16.