Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 1ye jen
“ Èske w panse Bondye aksepte tout relijyon ? [Kite moun nan reponn.] Li enteresan pou nou wè ki jan Bondye te reyaji lè nasyon Izrayèl tan lontan an te adopte menm pratik relijye ak lòt nasyon ki t ap viv ozalantou yo. [Li Ezekyèl 6:6.] Se sa k fè, nan atik sa a w ap jwenn repons kesyon sa a : ‘ Èske fason n ap adore Bondye gen enpòtans nan je l ? ’” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 9 la.
Réveillez-vous! Jen
“ Sandout w ap dakò peryòd adolesans lan se yon peryòd ki difisil ni pou adolesan yo ni pou paran yo. Èske w panse konsèy ki nan vèsè nou pral li la a ta ka ede paran yo vin pi bon paran ? [Li Jak 1:19. Epi kite moun nan reponn.] W ap byen kontan jwenn sijesyon pratik yo bay nan peryodik sa a, sijesyon ki baze sou Bib la. ”
La Tour de Garde 1ye jiyè
“ Nou tout fè eksperyans tris sa a, nou konn gen moun pa nou ki mouri. Èske w panse Bib la ka ede nou nan moman sa yo ? [Kite moun nan reponn. Apre sa li Sòm 55:22.] Peryodik sa a egzamine kèk bagay pratik nou ka fè pou nou fè fas ak sitiyasyon sa a. ”
Réveillez-vous! Jiyè
“ Presyon moun marye yo jwenn pa sispann ogmante, e gen anpil maryaj ki abouti nan divòs. Èske w panse konsèy nou pral li la a ka kontribye pou fè yon maryaj reyisi ? [Li Pwovèb 12:18. Epi kite moun nan reponn.] Peryodik sa a egzamine kèk prensip biblik ki ka ede moun marye yo vin gen pi bon relasyon antre yo. ”