BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/09 p. 8
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2009
km 4/09 p. 8

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 1ye avril

“ Gen kèk moun ki panse se desten ki detèmine avni nou, alòske gen lòt ki panse se nou menm ki pou chwazi avni nou. Ki sa w panse ? [Kite moun nan reponn.] Gade yon deklarasyon enteresan Bib la fè. [Li Eklezyas 9:11.] Atik sa a pale de repons Bib la bay pou kesyon sa a : ‘ Èske vi nou te deja planifye ? ’ ” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 26 la.

Réveillez-vous! Avril

“ Gen anpil maryaj ki fini nan divòs akoz enfidelite. Èske w panse si yon moun aplike sa nou pral li nan vèsè sa a, maryaj li ka dire lontan ? [Li Matye 5:28. Apre sa, kite moun nan reponn.] Atik sa a sèvi ak Bib la pou l ede koup yo evite enfidelite ki se yon pyèj. ” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 28 la.

La Tour de Garde 1ye me

“ Ki sa w panse ki ka fè l difisil pou yon moun gen lafwa nan Bondye ? [Kite moun nan reponn.] Vèsè nou pral li la a montre li enpòtan pou nou gen lafwa. [Li Ebre 11:6.] Peryodik sa a esplike kat bagay nou ka fè pou nou fòtifye lafwa nou. ”

Réveillez-vous! Me

“ Jodi a, de jou an jou, gen plis moun ki fè eksè nan pran dwòg doktè konn preskri kòm medikaman. Ki rezon w panse ki fè sa ? [Kite moun nan reponn.] Bib la mansyone youn nan pi gwo rezon ki konn lakòz sa, espesyalman pami timoun yo. [Li Pwovèb 13:20.] Peryodik sa a montre kòman w ka pwoteje tèt ou ak fanmi w kont flewo sa a. ”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje