Jan pou nou prezante peryodik yo
Toudegad Jiyè-septanm
“ Èske w panse li posib pou yon senp imen gen relasyon entim ak Bondye Toupisan an ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Travay 17: 27.] Atik sa a esplike rezon ki fè nou ka sèten Bondye vle nou vin pwòch li. ” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 10 la.
Réveillez-vous! Jiyè
“ Chak jou gen pi plis moun ki enterese nan zafè maji e sa parèt nan pifò divètisman ki gen jodi a. Èske w panse lè moun mele nan zafè maji se yon bagay ki san danje ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Detewonòm 18:10-12.] Atik sa a montre ki sa Bib la di sou danje ki gen nan espiritis. ” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 10 la.
La Tour de Garde 1ye out
“ Tèlman gen gwo dega ki fèt sou anviwònman an, sa fè anpil moun vin pè lè y ap reflechi sou avni tè a. E ou menm, ki sa w panse ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Sòm 37:11] Peryodik sa a atire atansyon sou kèk rezon Bib la bay ki fè nou ta dwe gen bonjan espwa lè n ap reflechi sou avni tè a. ”
Réveillez-vous! Out
“ Gen anpil moun ki kwè planèt nou an k ap chofe a ap mete tout vi ki gen sou li an danje. Ki sa w panse ki ta dwe fèt pou yo rezoud pwoblèm sa a ? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Izayi 11:9.] Peryodik sa a esplike rezon ki fè tè a ap toujou rete yon kote pou moun rete e pa gen okenn dout nan sa. ”