Aktivite predikasyon an mande pou nou gen andirans
1 Pandan plis pase 30 an, apot Pòl te jwenn satisfaksyon lefètke li te fè travay evanjelizasyon an prensipal aktivite l. Li te jwenn difikilte nan travay predikasyon an, menm jan moun ka jwenn difikilte nan nenpòt lòt aktivite ki itil (2 Kor. 11:23-29). Sepandan, Pòl pa t sispann preche pou sa (2 Kor. 4:1). Li te byen konprann fòs l ap bezwen pou l andire pandan l ap akonpli ministè l la, se Jewova k ap ba li l (Fil. 4:13). Etandone li se yon bèl egzanp moun ki andire avèk fidelite, li te ka di : “ Se pou nou vin imitatè m, menm jan mwen menm mwen se imitatè Kris. ” — 1 Kor. 11:1.
2 Andire eprèv n ap rankontre jodi a : Chak jou, gen anpil frè ak sè ki gen moun nan fanmi yo, kòlèg travay yo oubyen kamarad lekòl yo k ap pase yo nan rizib, e ki opoze ak yo. Moun sa yo konn endiferan tou (Mat. 10:35 ; Jan 15:20). Petèt, se menm bagay la ki rive w. Yon lòt bò, ou gendwa ap lite ak yon pwoblèm sante oubyen petèt, chak jou w ap konbat pou w evite distraksyon ak tantasyon ki mete lafwa w ak andirans ou aleprèv. Nou ka jwenn fòs lè nou egzamine egzanp sèvitè Bondye nan tan lontan ki te fidèl yo ak egzanp kretyen parèy nou jodi a ki te rankontre pwoblèm e ki rive jwenn solisyon pou yo. — 1 Pyè 5:9.
3 N ap ka jwenn pisans pou nou kenbe fèm nan ministè a lè nou veye pou nou “ abiye nou ak tout ekipman konba Bondye bay la ”. (Efe. 6:10-13, 15.) Mete sou sa, li esansyèl pou nou priye pou nou ka gen andirans. Bondye ban nou lespri sen l dekwa pou nou ka andre eprèv yo (2 Kor. 6:4-7). Pou nou ranpòte laviktwa nan konba espirityèl n ap mennen an, nou dwe prete atansyon ak rapèl Bondye yo pou nou renouvle espri nou (Sòm 119:24,85-88). Menm jan yon timoun ap li yon lèt papa l ki renmen l voye ba li plizyè fwa, se konsa tou, si nou li Bib la chak jou, sa ap ranfòse lyen ki ini nou ak Jewova a. Grasa etid pèsonèl nou fè, n ap vin gen sajès pou nou fè fas ak eprèv yo. Konsa, n ap kite panse Bondye enfliyanse desizyon n ap pran e sa ap fè nou vin pi fèm nan detèminasyon nou pran pou nou rete entèg. — Pwo. 2:10, 11.
4 Lè nou andire sa pote benediksyon : Jan sa verifye nan ka Pòl, lè nou andire fidèlman pandan n ap akonpli ministè nou sa fè kè Jewova kontan e sa pote benediksyon ni pou nou ni pou lòt moun (Pwo. 27:11). Nou swete pou nou detèmine pou nou pèsevere nan ministè a, konsa, n ap pwouve lafwa nou solid e li “ gen pi gwo valè pase lò ki gen pou peri epoutan ki pase anba eprèv dife ”. — 1 Pyè 1:6, 7.