BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/09 p. 1
  • Yon kanpay espesyal pou anonse Memoryal la !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon kanpay espesyal pou anonse Memoryal la !
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Nou pral distribye fich envitasyon Memoryal la sou tout tè a!
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Kanpay pou anonse Memoryal la ap kòmanse 17 mas
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Kanpay envitasyon pou Memoryal la ap kòmanse 22 mas
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • N ap kòmanse distribye fich envitasyon pou Memoryal la 2 avril
    Ministè Wayòm nan — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2009
km 2/09 p. 1

Yon kanpay espesyal pou anonse Memoryal la !

1. Apati 21 mas 2009, ki sa pwoklamatè Wayòm yo pral fè sou tout tè a, e poukisa ?

1 Jou jedi k ap 9 avril 2009 la, adoratè Jewova yo nan lemonnantye ap reyini pou yo reflechi sou kokenn aksyon Jewova te fè pou l montre lanmou li genyen pou limanite (Wom. 5:6-8). Avèk enpasyans, n ap tann plizyè milyon moun ki enterese pou yo vin komemore lanmò Kris ak nou. Se sa k fè, apati 21 mas, nou pral distribye yon fich envitasyon espesyal sou tout tè a pou nou envite moun nan Memoryal la.

2. Ki pwen nou ta dwe kenbe nan lespri nou lè n ap ofri fich envitasyon an ?

2 Pwen pou nou kenbe nan lespri nou : Se pou nou byen itilize foto, kesyon ak vèsè ki nan fich envitasyon an. Pa egzanp, ou ka montre moun w ap pale avè l la foto ki sou fich la, e ou ka di l : “ M ap envite w vin selebre lanmò Jezi Kris avèk nou jedi k ap 9 avril 2009 la. ” Ansuit, montre moun nan tit fich envitasyon an, epi montre l kesyon ki vin apre tit la. Sonje di moun nan n ap byen kontan si l vini ansanm ak fanmi l oswa ak nenpòt lòt moun li ta vle mennen.

3. Ki jan nou ka suiv enterè moun nou bay fich envitasyon pandan kanpay la ?

3 Si kongregasyon nou an gen anpil tèritwa, ansyen yo ka mande nou pou nou kite fich envitasyon nan kay kote moun yo pa la. Nan wikenn yo, nou ka ofri peryodik yo ansanm ak fich envitasyon yo. Fikse objektif pou nou envite moun n ap retounen vizite, etidyan nou, fanmi nou, kòlèg travay nou, vwazen nou ak moun nou rekonèt, pou yo vin asiste Memoryal la. Ane pase, gen yon sè ki te envite 30 moun nan fanmi l nan Memoryal la. Apre li te fin envite yo, an plizyè fwa li te fè yo sonje enpòtans evènman sa a genyen. Se pa ti kontan li te kontan lè l te wè 25 nan moun li te envite yo vini nan Memoryal la, e 4 nan yo te aksepte yon etid biblik !

4. Ki planifikasyon nou dwe fè depi kounye a, e poukisa ?

4 Planifye depi kounye a : Petèt gen anpil pwoklamatè k ap ka ogmante patisipasyon yo nan ministè a pandan mwa mas ak avril. Si w gen pitit oswa etidyan k ap fè bonjan pwogrè, se kapab yon bon okazyon pou yo vin pwoklamatè. Se depi kounye a nou dwe kòmanse fè aranjman pou nou patisipe afon nan kanpay sa a dekwa pou nou envite moun nan komemorasyon k ap fè nou sonje de pi gwo aksyon ki demontre lanmou, aksyon Jewova ak Jezi te fè. — Jan 3:16 ; 15:13.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje