Pwogram pou semèn 16 fevriye
SEMÈN 16 FEVRIYE
□ Etid biblik kongregasyon an :
□ Lekòl ministè teyokratik :
Lekti Labib : Jenèz 29-31
No 1 : Jenèz 29:1-20
No 2 : Rezon ki fè nou dwe “ sispann enkyete nou ” (Mat. 6:25)
No 3 : Obeyisans pwoteje w (lr-CR chap. 7)
□ Reyinyon sèvis :
5 min : Anons lokal.
15 min : “ Fè tout bagay akoz bon nouvèl la. ” Patisipasyon sou fòm kesyon repons.
15 min : Èske w ka pran sèvis pyonye oksilyè pandan epòk Memoryal la ? Siveyan sèvis la ap fè diskou sa a avèk antouzyas. Fè yon ti pale sou kondisyon yon moun dwe ranpli pou l pyonye oksilyè. Mete aksan sou jwa ak benediksyon pyonye oksilyè yo jwenn. Fè yon ti pale sou dispozisyon ki pran pou gen lòt randevou predikasyon pandan mwa mas, avril ak me. Fè entèvyou ak kèk pwoklamatè ki te pran sèvis pyonye oksilyè ane pase. Ki ajisteman yo te fè pou yo te ka jwenn tan pou yo pyonye oksilyè ? Ki benediksyon yo te jwenn ? Ankouraje tout fanmi yo pou yo egzamine posiblite pou youn oswa plizyè moun nan fanmi an pran sèvis pyonye oksilyè pandan epòk Memoryal la.