Fason pou nou anseye moun ki pa konn li byen yo
1. Ki defi nou ka rankontre nan ministè a ?
1 Lè n ap patisipe nan ministè a, pafwa nou konn gen difikilte pou nou anseye moun ki pa konn li byen yo laverite. Ki sa nou ka fè nan ka sa a ?
2. Ki jan nou ka demontre nou respekte diyite moun ki pa konn li byen yo e poukisa nou dwe fè sa ?
2 Respekte diyite yo : Se kondisyon kè yon moun ki enpòtan pou Jewova, se pa edikasyon pwofàn li resevwa (1 Sam. 16:7 ; Pwo. 21:2). Se sa k fè nou pa dwe gade moun ki pa konn li byen yo sou aparans. Jan de moun sa yo ap pi fasil aksepte èd nou si nou demontre respè pou yo e si nou pasyan anvè yo (1 Pyè 3:15). Sa ka mande pou nou pa ensiste pou se yo ki li vèsè yo oswa paragraf n ap egzamine yo. Ofiramezi yon moun ap aprann plis sou verite ki nan Bib la, l ap vin plis anvi amelyore kapasite li genyen pou l li, yon fason pou l ka jwenn lajwa moun jwenn lè yo li Pawòl Bondye a “ tou ba lajounen kou lannuit ”. — Sòm 1:2, 3.
3. Ki metòd nou ka itilize pou nou anseye moun ki pa konn li byen yo ?
3 Metòd nou ka itilize lè n ap fè etid ak yo : Imaj yo se yon bon mwayen pou nou anseye moun e pou nou ede yo sonje sa yo aprann. Ou ka mande etidyan an pou l esplike w sa l wè nan imaj ki nan piblikasyon w ap fè etid la. Poze l kesyon presi k ap ede l konprann pwen yo vle anseye atravè imaj la. Sèvi ak vèsè ki pale sou kèk bagay byen presi ou vle atire atansyon l sou yo nan imaj la. Ou ka sèvi ak imaj yo tou pou w fè revizyon sou leson ou sot etidye avè l la. Ou pa bezwen montre etidyan an yon pakèt bagay yon sèl kou. Mete aksan sou tèm leson an ak sou pwen prensipal yo, epi evite bay detay ki pa nan sijè w ap egzamine a. Li vèsè yo dirèkteman nan Bib la, epi poze etidyan an kesyon pou w ka asire w li byen konprann vèsè a. Sa ka fè l plis anvi amelyore kapasite li genyen pou l li, yon fason pou l ka chèche konnen plis verite nan Bib la poukont li.
4. Ki sa nou ka fè pou nou ede etidyan nou yo amelyore kapasite yo genyen pou yo li ?
4 Sa ki ka ede yo amelyore kapasite yo genyen pou yo li : Moun ki pa konn li byen yo oswa moun ki pa t gen chans pou yo aprann li kouramman yo ka byen konprann enfòmasyon yo resevwa e yo ka sonje enfòmasyon sa yo trè byen tou. Ou ka ankouraje jan de moun sa yo sèvi ak piblikasyon odyo ki disponib yo. Yo ka koute avèk atansyon lè lektè a ap li pandan yo menm y ap suiv nan piblikasyon ki nan men yo a. Yo ka menm repete mo yo tou ba pandan y ap koute lekti a. Sa ap ede yo amelyore kapasite yo genyen pou yo li. Bwochi Fè jèfò pou w konn li ak ekri a ka itil yo tou nan sans sa a. Gen kèk kote, ansyen yo ka fè aranjman pou yo mete sou pye nan kongregasyon an yon klas pou aprann moun li byen. Sijesyon sa yo ka pèmèt nou ede moun ki pa byen konn li yo pou yo konprann “ ekriti sakre yo ”, ekriti ki kapab ede yo vin saj pou yo ka sove. — 2 Tim. 3:15.