Fason pou nou ede moun ki pa konn li byen yo
1. Ki difikilte nou ka jwenn lè n ap etidye Labib ak yon moun ki pa konn li byen?
1 Yon moun ki pa konn li byen kapab enterese nan bagay espirityèl, men li ka yon ti jan pè pou l li Labib oswa lòt liv. Lè nou ofri yon moun konsa liv Sa Labib anseye a, okòmansman, sa ka fè nou pa jwenn bon rezilta. Kòman nou ka ede moun sa yo nan domèn espirityèl? Nou mande kèk pwoklamatè ki maton nan travay predikasyon an, ki soti nan plis pase 20 peyi, pou yo di sa yo konn fè. Nou pral pale sou sa yo konn fè nan paragraf ki vin apre yo.
2. Ki piblikasyon ki efikas nou konn itilize pou nou ede moun ki pa konn li byen yo?
2 Si moun w ap etidye avè l la pa konn li byen oswa li pa konn li ditou, nou ka kòmanse etid la nan youn nan bwochi sa yo: Koute Bondye oswa Koute Bondye pou w viv pou toutan. Gen yon pyonye k ap viv Ozetazini ki konn montre moun li rankontre ki pa konn li byen yo de bwochi sa yo, e li mande yo nan ki bwochi yo ta renmen fè etid la. Biwo filyal nan peyi Kenya a fè konnen piblikasyon sa yo efikas anpil paske, nan kilti afriken an, pou yo anseye yon moun, yo pa fè konvèsasyon avè l sou fòm kesyon ak repons, okontrè yo anseye l grasa istwa yo rakonte l. Yon moun ki fè gwo klas ka pi fasil aksepte nou fè konvèsasyon avè l sou fòm kesyon ak repons, tandiske metòd sa a ka fè yon moun ki pa fè gwo klas santi l malalèz. Si moun nou rankontre a pa fin twò fò nan li, gen plizyè pwoklamatè ki renmen kòmanse etid la nan bwochi Bon nouvèl Bondye bay la! oswa bwochi Ou kapab vin zanmi Bondye! a oubyen Liv istwa biblik mwen an.
3. Ki kèk bagay lè nou konnen sou moun ki pa konn li yo ki ka ede nou anseye yo pi byen?
3 Felisite yo: Moun yo pa t aprann li yo ka santi yo wont e yo ka santi moun pa ba yo valè. Se sa k fè, premye bagay nou dwe fè lè n ap aprann yo verite sou Bib la se mete yo alèz. Pifò moun ki pa konn li yo se moun ki entèlijan e yo ka aprann li. Se poutèt sa nou dwe respekte yo, e nou dwe pale avè yo yon fason ki montre nou ba yo valè (1 Pyè 3:15). Lè yo santi efò y ap fè yo se pa pou granmesi, e yo wè y ap fè pwogrè nan domèn espirityèl, sa ka ankouraje yo kontinye fè etid la. Kidonk, nou dwe toujou ap felisite yo.
Moun yo pa t aprann li yo ka santi yo wont e yo ka santi moun pa ba yo valè. Se sa k fè, premye bagay nou dwe fè lè n ap aprann yo verite sou Bib la se mete yo alèz.
4. Ki jan nou ka ankouraje moun ki pa konn li byen yo pou yo prepare etid la?
4 Menm lè moun n ap etidye avè l la pa konn li byen, ankouraje l prepare etid la. Gen kèk pwoklamatè ann Afrik disid ki ankouraje moun y ap etidye avè yo pou yo mande yon moun nan fanmi yo oswa yon zanmi ki konn li byen pou ede yo. Gen yon frè nan peyi Grann Bretay ki konn ankouraje moun l ap etidye avè l la pou l prepare etid la. Pou l fè sa, li bay moun nan liv pa l la pandan y ap egzamine kèk paragraf, dekwa pou moun nan ka wè jan l pi fasil pou l jwenn repons yo lè repons yo souliye nan liv la. Gen yon frè nan peyi End ki ankouraje moun l ap etidye avè l la gade foto ki nan leson yo pral pale lòt semèn nan epi medite sou yo.
5. Ki jan nou ka demontre pasyans lè n ap kondui etid la?
5 Se pou w gen pasyans: Kèlkeswa piblikasyon ou itilize a, mete aksan sou pwen prensipal yo e ede moun w ap etidye avè l la byen konprann yo. Okòmansman, li ka pi bon si nou fè etid la pandan 10 a 15 minit. Pa ba l twòp enfòmasyon yon sèl kou, petèt li ta bon pou se kèk paragraf sèlman nou fè chak fwa nou fè etid la. Si etidyan an pa li vit, pran pasyans avè l. Sandout, plis li vin renmen Jewova, se plis l ap anvi amelyore fason l li. Pou w ka ede moun nan fè sa, l ap bon pou w envite l vin asiste reyinyon depi lè w fèk kòmanse etid la.
6. Ki jan nou ka ede yon moun aprann li?
6 Lè moun k ap etidye Labib yo aprann li, sa ap fè yo pwogrese pi vit nan domèn espirityèl (Sòm 1:1-3). Gen anpil pwoklamatè ki pran kèk minit apre yo fin fè etid la pou yo egzamine bwochi Fè jèfò pou w konn li ak ekri a ak moun nan. Si etidyan an vin dekouraje, petèt, ou ka ede l gen plis konfyans nan tèt li lè w fè l wè kèk bagay li deja aprann. Fè l konnen Jewova ap beni efò l ap fè yo, e ankouraje l pou l priye Jewova pou l ede l (Pwo. 16:3; 1 Jan 5:14, 15). Gen kèk pwoklamatè nan peyi Grann Bretay ki ankouraje moun y ap etidye Labib avèk yo pou yo fikse kèk objektif yo ka rive atenn, tankou pou yo vin byen konnen alfabè a, chèche epi li kèk vèsè nan Bib la, epi li kèk nan piblikasyon biblik yo ekri pou moun ki pa twò fò nan li yo. Pou ede yon moun aprann li, nou pa jis montre l kòman pou l li, men, souvan sa mande pou nou chofe l pou l anvi li.
7. Poukisa nou pa bezwen renka renka pou nou ede moun ki pa konn li yo konnen laverite?
7 Jewova pa meprize moun ki pa fè gwo klas yo (Jòb 34:19). Se sa k nan kè moun Jewova gade (1 Kwo. 28:9). Donk, nou pa bezwen renka renka pou nou ede moun ki pa konn li yo konnen laverite. Nou gen anpil bèl piblikasyon ki ka ede nou fè sa. Pi devan, n ap ka transfere etid la nan liv Sa Labib anseye a, e konsa sa ap ede moun nan vin pi byen konprann Bib la toujou.