Èske w ap prepare w pou festen espirityèl la ?
1. Ki jan de preparasyon ki dwe fèt lè y ap òganize yon festen ?
1 Pou fè yon fèt, sa mande anpil preparasyon. Fòk yo jwenn engredyan pou yo fè manje, fòk yo byen prepare manje a e apre sa pou yo sèvi l. Yo dwe byen òganize fason y ap sèvi manje a. Anplis de sa, yo dwe prepare kote yo pral fè fèt la. Moun ki envite yo dwe fè preparasyon tou, sitou si y ap soti byen lwen pou yo rive kote fèt la ap fèt la. Byenke prepare yon fèt mande anpil travay, sa vo lapèn paske sa bay moun k ap patisipe nan fèt la okazyon pou yo pran plezi nan manje apetisan, manje nourisan y ap sèvi nan fèt la, toutpandan yo an konpayi zanmi yo ak fanmi yo. Talè konsa, sou tout tè a, Temwen Jewova yo pral rasanble, kit se nan gwo rasanbleman, kit se nan sa ki pi piti, pou yo asiste kongrè distri “ Kontinye veye ! ” a, yon festen espirityèl y ap tann avèk enpasyans. Gen anpil travay ki deja fèt pou yo prepare pwogram nan e pou tout bagay pare. Yo deja envite nou tout vin patisipe nan festen sa a. Men pou nou prezan nan asistans lan e pou nou tire pwofi omaksimòm, nou chak bezwen fè bonjan planifikasyon. — Pwo. 21:5.
2. Ki sa nou bezwen fè pou nou prezan chak jou nan festen espirityèl ki pral genyen an ?
2 Tire pwofi omaksimòm : Èske w fè planifikasyon pou w la toule twa jou festen espirityèl sa a ap dire a ? Si sa nesesè, pale ak patwon w pou w fè l konnen w ap bezwen asiste tout sesyon nan kongrè distri a, san wete premye jou a. Èske w fè aranjman pou transpò ak lojman ? Ansyen yo dwe asire yo gen planifikasyon ki fèt pou ede moun ki aje yo, moun ki enfim yo ak lòt moun ki ka bezwen èd pou yo vin asiste kongrè a. — Jer. 23:4 ; Gal. 6:10.
3. Poukisa nou pa ta dwe al asiste kongrè entènasyonal ki pral genyen yo si yo pa envite nou ?
3 Gen kèk peyi kote yo pral òganize kongrè entènasyonal. L ap bon pou nou sonje se yon seri kongregasyon ak yon seri delege byen presi yo envite nan kongrè sa yo. Lè biwo filyal la fè aranjman sa yo, li byen kalkile konbyen moun yo dwe envite parapò ak kantite plas k ap disponib kote y ap òganize kongrè a e parapò ak kantite chanm otèl k ap disponib nan zòn nan. Donk, si gen pwoklamatè ki vin asiste kongrè entènasyonal yo san yo pa t envite yo, sa ka fè gen twòp moun.
4. Ki rapèl k ap ede nou pou nou pare anvan pwogram nan kòmanse chak jou ?
4 Fè bonjan preparasyon pou w ka rive byen bonè chak jou yon fason pou w jwenn plas anvan pwogram nan kòmanse. Anvan sesyon an kòmanse, pran yon ti tan pou w jete yon koudèy nan pwogram nan. Sa ap ede w prepare kè w pou w rete konsantre sou enfòmasyon y ap prezante yo (Ezra 7:10). Lè prezidan sesyon an anonse pwogram mizikal la, pran plezi pou w koute melodi yo. Ansuit, prepare w pou w chante kantik la e pou w koute priyè ki pral fèt nan kòmansman pwogram nan.
5. Ki jan fanmi nou ka tire pwofi nan pwogram nan omaksimòm ?
5 Si fanmi yo chita ansanm pandan kongrè a, paran yo ap ka asire yo pitit yo ap koute pwogram nan avèk atansyon (Det. 31:12). Nou ankouraje tout moun pou yo suiv nan bib pa yo pandan y ap li vèsè yo. Si w pran nòt ki kout, sa ap ede w rete konsantre sou pwogram nan. Apre sa, nòt ou yo ap ka ede w sonje pwen prensipal yo te devlope nan diskou yo. Pandan sesyon yo, si w ta gen tandans pale ak lòt moun ki bò kote w de bagay ki pa nesesè, oswa si w ta anvi deplase san nesesite, reziste pou w pa fè sa. Si w gen yon telefòn selilè, pa kite l distrè ni ou menm ni lòt moun pandan pwogram nan ap dewoule. Ou ka twouve li bon pou w pale ak lòt moun nan fen chak jounen konsènan pwen w te pi apresye nan pwogram nan.
6. Ki bèl okazyon nou genyen nan kongrè nou yo, e ki jan nou ka pwofite okazyon sa a omaksimòm ?
6 Nan kongrè distri yo, nou gen okazyon pou nou devlope bonjan amitye ak frè ak sè nou yo, amitye nou pap jwenn nan monn nan (Sòm 133:1-3 ; Mak 10:29, 30). Èske w pa ta ka fikse objektif pou w fè konesans ak moun ki chita bò kote w yo e pou w pale ak yo pandan poz midi a ? Se youn nan avantaj ki genyen lè nou pote yon bagay pou nou manje e lè nou rete kote kongrè a ap fèt la olye pou nou sot deyò al manje nan restoran. Fè tout sa nou kapab pou nou pa rate okazyon sa a k ap pèmèt nou ankouraje youn lòt. — Wom. 1:11, 12.
7. Ki planifikasyon nou dwe fè anrapò ak rad n ap met sou nou pandan kongrè a ?
7 Abiman : Li enpòtan pou nou remake Jewova te mande Izrayelit yo pou yo mete franj nan woulèt rad yo e pou yo mete yon kòdon ble anlè franj sa yo (Nonb 15:37-41). Sa te fè Izrayelit yo sonje yo se yon pèp apa ki la pou adore Jewova. Jodi a, lefètke nou abiye avèk diyite e yon fason ki modès pou n al nan kongrè distri, sa mete nou apa parapò ak monn nan. Menm lè nou soti, apre pwogram nan, pou n al manje, se yon bon fason pou nou bay moun k ap obsève nou yo temwayaj. Pakonsekan, depi alavans, se pou nou byen egzamine rad n ap met sou nou pou n al nan kongrè a.
8. Ki jan nou ka bay lòt moun temwayaj nan zòn kote kongrè a ap fèt la ?
8 Bay temwayaj : Si nou fè yon ti reflechi alavans, n ap ka bay moun ki nan zòn kote kongrè a ap fèt la temwayaj. Pandan yon kongrè distri, gen yon frè ki t al nan restoran ak madanm li nan youn nan jou kongrè yo, apre pwogram nan. Pandan l ap pale ak sèvè a, li touche ensiy ki sou li a e li mande sèvè a : “ Èske w wè ensiy sa a sou anpil moun ? ” Sèvè a di li te remake ensiy sa a sou anpil moun, e li t ap mande tèt li poukisa moun yo te genyen l sou yo. Sa te pèmèt frè a kòmanse yon konvèsasyon ak sèvè a, e li te envite l nan kongrè.
9. Ki jan nou ka demontre rekonesans nou anvè Jewova, Sila a ki envite nou nan festen an ?
9 Menmsi se frè nou yo k ap prezante diskou yo, k ap fè entèvyou yo ak demonstrasyon yo, men se Jewova, Papa nou ki nan syèl la, ki prepare festen espirityèl sa a pou nou avèk amou (Iza. 65:13, 14). Nou montre rekonesans nou anvè Sila a ki envite nou nan festen sa a lè nou prezan chak jou e lè nou degiste chak ti moso nan manje espirityèl y ap sèvi a. Èske w fin fè tout planifikasyon pou w kapab fè sa ?
[Kare nan paj 6]
Rapèl pou kongrè distri a
◼ Orè : Pwogram nan ap kòmanse a 9:20 a.m. toule twa jou yo. Pòt yo ap ouvri apati 8.00 a.m. Lè yo kòmanse pase mizik, nou tout dwe chita nan plas nou, yon fason pou pwogram nan ka kòmanse nan lòd ak diyite. Pwogram nan ap fini a 4:55 p.m. nan vandredi ak nan samdi, e a 4:00 p.m. nan dimanch. Pou kongrè entènasyonal yo, pwogram jounen jedi a ap kòmanse a 1:20 p.m. e l ap fini a 4:55 p.m.
◼ Pakin : Nan tout lokal kote kongrè a ap fèt, w ap ka pakin machin ou san w pa peye si se nou ki gen kontwòl pakin nan. Se moun ki vin an premye yo k ap jwenn espas pou yo pakin machin yo.
◼ Rezèvasyon plas : Ou ka rezève plas sèlman pou moun ki vwayaje avè w nan menm machin oubyen pou moun k ap viv nan menm kay avè w.
◼ Repa : Tanpri, pote manje nou olye pou nou soti deyò al achte nan men machann yo. Nou ka vin ak ti tèmòs n ap ka mete anba kote nou chita a. Men, nou pa dwe vini anndan lokal kongrè a ak gwo glasyè, ak boutèy, ak bokal oswa ak nenpòt lòt resipyan ki ka kraze, ni ak bwason ki gen alkòl.
◼ Ofrann : Yo fè anpil depans pou òganize kongrè distri a. Nou kapab montre rekonesans nou lè nou mete ofrann volontè pou travay mondyal la nan bwat ofrann ki nan Sal Wayòm nan oswa nan bwat ofrann ki nan lokal kote y ap fè kongrè a. Moun k ap bay chèk kòm ofrann dwe fè yo sou non “ Association chrétienne les Témoins de Jéhovah d’Haïti ”.
◼ Aksidan ak ijans : Si gen yon ijans medikal nan lokal kongrè a, tanpri kontakte yon manm sèvis akèy la ki nan zòn kote w ye a. L ap enfòme sèvis premye sekou a tousuit. Sèvis sa a kapab chèche konnen gravite sitiyasyon an epi li kapab pote èd li.
◼ Anrejistreman : Moun pa dwe ploge okenn aparèy sou sistèm elektrik ki nan lokal la oswa sou sistèm sonorizasyon an, e yo pa dwe sèvi ak aparèy sa yo yon fason ki ka deranje lòt moun.
◼ Fè foto : Si w ap fè foto pandan sesyon yo, tanpri pa sèvi ak flach.
◼ Pedjè ak telefòn selilè : Pedjè ak telefòn selilè yo dwe pwograme yon fason pou yo pa distrè lòt moun.
◼ Fòmilè “ Suivre l’intérêt ” : Nou ta dwe sèvi ak fòmilè Veuillez suivre l’intérêt (S-43) pou nou bay enfòmasyon konsènan nenpòt moun nou te bay temwayaj enfòmèl pandan kongrè distri a ki montre l enterese. Pwoklamatè yo ta dwe vin nan kongrè a ak youn oubyen de fòmilè “ Suivre l’intérêt ”. N ap jwenn fòmilè a tou nan sèvis piblikasyon nan kongrè a. Ou ka remèt fòmilè ou fin ranpli a nan sèvis piblikasyon an pou yo fè suivi, oubyen ou ka remèt li bay sekretè kongregasyon w lan lè w retounen. — Gade Ministè Wayòm fevriye 2005, paj 6.