Ki lè pou nou retounen vizite moun ki enterese yo?
1. Pou nou rive fè disip, ki sa sa mande?
1 Pou nou rive fè disip, sa mande pou nou retounen vizite moun ki montre yo vle aprann konnen laverite konsènan Wayòm Jewova a (Mat. 28:19, 20). Pi bon lè pou nou fè yon nouvèl vizit depann de pwogram pa nou ak pwogram moun ki enterese a. Poukisa nou dwe retounen tousuit apre premye rankont lan?
2, 3. Poukisa nou ta dwe fè efò pou nou retounen vizite moun yo osito sa posib?
2 Poukisa nou dwe retounen tousuit? Travay preche “bon nouvèl wayòm nan” byen avanse e fen sistèm sa a ap pwoche (Mat. 24:14; 1 Pyè 4:7). Kidonk, pandan gen “yon jou delivrans” ki toujou disponib pou moun ki enterese yo, nou dwe suiv avètisman ki mande pou nou preche ‘pawòl la san pèdi tan’, e sa gen ladan l retounen vizite moun yo osito sa posib pou nou kiltive enterè yo demontre. —2 Kor. 6:1, 2; 2 Tim. 4:2.
3 Satan tou prèt pou l detwi tout ti grenn Wayòm nan nou simen nan kè moun ki enterese yo (Mak 4:14, 15). Byen souvan, fanmi moun ki enterese yo, kòlèg travay yo ak lòt moun ankò konn ap fawouche yo. Lè nou retounen vizite yo byen vit, sa pèmèt nou bati sou premye konvèsasyon nou te genyen ak yo a anvan lòt moun rive etenn ti etensèl enterè yo gen nan kè yo a.
4. Ki sa nou ka fè pou nou tou poze baz pou yon nouvèl vizit depi premye fwa nou rankontre yon moun?
4 Pran randevou ak yo: Li pi bon pou nou pran bonjan randevou pou nou retounen vizite moun yo anvan nou ale. Poze yon kesyon pou nou reponn nan pwochen vizit la. Li nesesè pou nou pran bon nòt. Si pwogram nou pèmèt nou fè sa, l ap pi bon pou nou tounen nan demen, oubyen tousuit apre. Si premye fwa nou rankontre moun ki enterese a se nan wikenn e moun nan travay pandan lasemèn, petèt, l ap dakò pou nou retounen vizite l nan wikenn pwochen. Lè nou pran randevou ak moun yo, veye pou nou respekte pawòl nou. —Mat. 5:37.
5. Lè nou retounen vizite moun yo san pèdi tan, kòman sa ka ede nou akonpli misyon Jezi te konfye nou pou nou fè disip la?
5 Nou gen bon rezon pou nou retounen vizite moun ki enterese yo osito sa posib. Se sa k fè, nou dwe pran randevou ak yo e nou dwe retounen vizite yo tousuit, etandone “tan ki rete a vin pi kout”. (1 Kor. 7:29.) Plis nou retounen byen vit al vizite moun ki enterese nan mesaj Wayòm nan, se plis efò n ap fè yo ap pote bon rezilta.