Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 1ye novanm
“Jodi a, sanble fanmi yo anba anpil presyon, e presyon sa yo ap vin pi plis chak jou. Daprè ou menm, si chak moun nan yon fanmi ta fè efò pou yo imite atitid Jezi, ki efè sa t ap gen sou yo? [Li Matye 20:28. Apre sa, kite moun nan reponn.] Atik sa a pale sou senk leson fanmi yo ka aprann nan egzanp Jezi.” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 16 la.
Réveillez-vous! Novanm
“Èske w konsidere relijyon kòm yon fòs ki pouse moun gen lanmou e ki pouse yo viv anpè ak lòt moun, oubyen èske w konsidere l kòm yon fòs ki pouse moun rayi moun e ki pouse yo fè vyolans? [Kite moun nan reponn.] Sanble gen anpil moun ki pa suiv pawòl sa yo Jezi te di. [Li Matye 5:44, 45.] Atik sa a reponn kesyon sa a: Èske l posib pou yon moun renmen ènmi l?” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 10 la.
La Tour de Garde 1ye desanm
“Èske w panse yon jou Bondye ap mete fen nan soufrans ki gen nan monn nan? [Kite moun nan reponn.] Pwomès sa a nou jwenn nan Bib la ban nou rezon pou nou kwè l ap fè sa. [Li youn nan vèsè nou jwenn nan kare ki nan paj 7 la.] Peryodik sa a montre sa Bib la di sou fason Bondye pral mete fen nan tout soufrans e li esplike ki lè l ap fè sa.”
Réveillez-vous! Desanm
“Gen moun ki kwè se kreye Bondye te kreye linivè tandiske gen lòt moun ki panse se yon aksidan ki fè linivè egziste e pa gen okenn rezon ki fè li la. Ki opinyon pa w sou kesyon sa a? [Kite moun nan reponn.] Gade ki sa Bib la di sou kesyon sa a. [Li Ebre 3:4.] Peryodik sa a ban nou yon esplikasyon rezonab sou orijin linivè e sou rezon ki fè l egziste.”