BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/09 p. 4
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2009
km 12/09 p. 4

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 1ye desanm

“Nan epòk sa a nan ane a, moun yo rakonte anpil bagay konsènan sèn biblik kote mesye saj yo te vin wè Jezi lè l te timoun. [Li Matye 2:1, 11.] Èske w remake diferans ki gen ant sa Bib la di ki te pase ak sa moun yo abitye rakonte? [Kite moun nan reponn.] Atik sa a esplike sa k te pase toutbonvre.” Montre moun nan atik ki nan paj 31 an.

Réveillez-vous! Desanm

“Mwen ta renmen konnen sa w panse sou yon pawòl Jezi te di. [Li Matye 5:3.] Piske gen tout relijyon sa yo e youn pa menm ak lòt, èske w panse fason nou chwazi satisfè bezwen espirityèl nou se yon bagay ki enpòtan? [Kite moun nan reponn.] Atik sa a montre sa Bib la di sou fason nou ka jwenn vre satisfaksyon nan domèn espirityèl.” Montre moun nan atik ki kòmanse nan paj 12 la.

La Tour de Garde 1ye janvye

“Nan zafè bwè bwason ki gen alkòl, tout relijyon pa wè bagay yo menm jan. Ki jan w panse Bondye santi l lè l wè yon moun ap bwè bwason ki gen alkòl? [Kite moun nan reponn.] Byenke Bib la rakonte nan youn nan mirak Jezi yo, li te fè dlo tounen diven, men sa l di tou. [Li Pwovèb 23:20a.] Peryodik sa a montre pwennvi ekilibre Bib la genyen nan domèn sa a.”

Réveillez-vous! Janvye

“Nan tan difisil n ap viv jodi a, anpil moun santi yo travay twò di e yo santi yo gen anpil strès. Èske w konn santi w konsa tou? [Kite moun nan reponn.] Gade yon konsèy rezonab Bib la bay. [Li Eklezyas 4:6.] Peryodik sa a esplike sa nou ka fè pou nou rive gen ekilib ant travay nou, fanmi nou ak detant n ap pran. Anplis de sa, li bay kèk sijesyon pou moun k ap chèche travay.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje