Si nou bezwen piblikasyon nan yon lang etranje byen rapid
Pafwa nou konn rankontre moun ki prefere li piblikasyon nou yo nan yon lang etranje e kongregasyon nou an pa gen piblikasyon nan lang sa a nan stòk li. Èske nou te konnen lè nou gen aksè ak Entènèt e nou gen yon enprimant, nou ka enprime piblikasyon nan anviwon 400 lang poukont nou? Men kòman nou ka rive fè sa:
• Al sou sit wèb ofisyèl nou an: www.watchtower.org.
• Sou bò dwat paj prensipal la gen yon lis ki gen non kèk lang etranje. Anba lis la gen foto yon glòb terès, klike sou foto a pou nou ka wè tout lang ki disponib yo.
• Lè nou jwenn lang nou vle a, klike sou li. Ap gen yon paj ki parèt sou ekran an, se sou paj sa a n ap jwenn piblikasyon nou ka enprime yo, tankou, feyè, bwochi, ak atik ki te parèt nan peryodik nou yo. Etandone paj nou ouvri a se nan lang nou chwazi a li ekri, nou pa bezwen enkyete nou si nou pa rekonèt tit yo.
• Nou ka klike nenpòt sijè ki sou paj la. Sijè nou chwazi a ap parèt sou ekran an, e apre sa, nou gen posiblite enprime atik nou te chwazi a lè nou itilize opsyon enprime sou òdinatè nou an.
Se kèk echantiyon sèlman n ap jwenn sou sit wèb la. Se nan kongregasyon nou n ap jwenn lòt piblikasyon. Yonfwa nou rankontre yon moun e nou rann nou kont li vrèman enterese, l ap pi bon pou nou fè kòmann piblikasyon nan stann piblikasyon an.