BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/10 p. 4
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2010
  • Sou menm sijè a
  • Sèvis pyonye bay benediksyon
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Yo bay yon egzanp fidelite
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Ajisteman nan kantite lè pou pyonye yo bay
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Pa bliye moun ki nan sèvis aplentan yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2010
km 11/10 p. 4

Repons kesyon w yo

◼ Ki sa nou ka fè yon fason pratik pou nou ede pyonye yo?

Pou ane sèvis 2009 la te gen prèske 800 000 frè ak sè ki te sèvi antanke pyonye pèmanan ak pyonye espesyal toupatou sou tè a. Sèvitè aplentan sa yo sakrifye “premye fwi” yo genyen nan tan yo, fòs yo ak byen materyèl yo pou yo simaye bon nouvèl Wayòm nan (Pwo. 3:9). Se pa ti kontan Jewova dwe kontan pou efò yo te fè yo! Ki jan nou ka imite pwennvi Jewova genyen sou pyonye yo e konsa nou ka kontribye pou ede yo jwenn lajwa nan sèvis la e pou ede yo andire ladan l?

Se sèten pawòl byen chwazi nou di yo ka ankouraje yo pou yo kontinye sèvi kòm pyonye (Pwo. 25:11). Èske nou pa ta ka fè kèk chanjman nan pwogram nou lè wikenn, yon fason pou nou patisipe avèk yo nan ministè a? Lè n ap travay ansanm avèk yo nou ka pwopoze yo pou nou sèvi ak machin pa nou olye nou sèvi ak machin pa yo. Epi si nou pran woulib nan machin pa yo, petèt nou ta ka ba yo yon kontribisyon pou ede yo kouvri depans yo fè. Si nou pran transpò piblik ansanm ak yo nou ta ka peye pou yo (1 Kor. 13:5; Fil. 2:4). Anplis de sa, nou ka montre n ap soutni pyonye yo e nou renmen yo lè nou montre ospitalite anvè yo epi pafwa nou ka envite yo lakay nou pou yon repa. — 1 Pyè 4:8, 9.

Bib la bay garanti Jewova ap bay moun ki chèche Wayòm li an an premye sa ki nesesè pou yo viv (Sòm 37:25; Mat. 6:33). Yon fason li fè sa se grasa lanmou frè ak sè nou yo demontre antanke kretyen (1 Jan 3:16-18). Natirèlman, pyonye yo pa atann pou se lòt moun ki pran swen yo nan domèn finansye. Epi lè yo nan bezwen yo ka pa kouri di lòt moun sa. Sepandan, yon fason pratik, nou ka ede pyonye ki fidèl yo e nou ka ‘kouvri pou sa yo manke a’ lè nou se moun ki veyatif e nou se bon obsèvatè. — 2 Kor. 8:14, 15.

Febe se yon evanjelizatè zele ki te nan kongregasyon Sankre nan premye syèk la. Lè Febe te vwayaje al Wòm, men sa apot Pòl te ankouraje frè yo pou yo fè: “Resevwa l ann inyon ak Seyè a, jan moun ki sen yo dwe resevwa moun, e [...] ba l tout èd li ta ka bezwen.” ​(Wom. 16:1, 2). Nou gen opòtinite pou nou demontre menm kalite lanmou sa a pou moun nan kongregasyon nou k ap preche bon nouvèl la san rete tankou pyonye pèmanan yo ak pyonye espesyal yo e pou nou ede yo menm jan an tou. — Tra. 5:42.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje