BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/06 p. 3
  • Yo bay yon egzanp fidelite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo bay yon egzanp fidelite
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Sou menm sijè a
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Sèvis pyonye bay benediksyon
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Pa bliye moun ki nan sèvis aplentan yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Ajisteman nan kantite lè pou pyonye yo bay
    Ministè Wayòm nan — 1999
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2006
km 7/06 p. 3

Yo bay yon egzanp fidelite

1 Nan ane 1937, te vin gen yon nouvo fòm sèvis aplentan : sèvis pyonye espesyal. Gason ak fi ki gen kapasite ak eksperyans nan ministè a te aksepte ak tout kè yo pou yo sèvi kèlkeswa kote òganizasyon an te voye yo. Jodi a, plizyè dizèn ane apre, pyonye espesyal yo kontinye bay yon egzanp fidelite ki merite pou nou imite. — Ebre 6:12.

2 Yo te pran latèt : Lè sèvis sa a te fèk derape, pyonye espesyal yo te bay travay predikasyon an yon lòt elan grasa fonograf pòtab yo te itilize nan papòt kay moun yo. Lè yo te retounen vizite moun yo, yo te konn sèvi ak anrejistreman kòm baz pou konvèsasyon biblik. Yo te konn fè sa nan gwo vil kote te deja genyen kongregasyon ki etabli. Apre sa, yo te konn voye pyonye espesyal yo nan zòn kote yo te plis bezwen pwoklamatè Wayòm nan. Yo te vizite tout moun ki te montre yo enterese e yo te etidye Labib ak yo. Kòm rezilta bonjan efò yo te fè, te vin gen plizyè santèn kongregasyon ki fòme. Yo te preche san pran souf, e sa te kontribye pou bay kokennchenn akwasman nou wè nan òganizasyon an jodi a (Iza. 60:22). Pyonye espesyal yo kontinye jwe yon wòl enpòtan nan simaye bon nouvèl la “ nan tout kreyasyon ki anba syèl la ”. — Kol. 1:23.

3 Yo merite pou nou imite yo : Gen kèk pyonye espesyal ki nan sèvis aplentan depi plis pase plizyè dizèn ane. Tank ane ap pase, lafwa gason ak fi fidèl sa yo vin rafine akoz diferan sitiyasyon yo rankontre (1 Pyè 1:6, 7). Yo te dispoze aksepte sakrifye konfò materyèl yo pou yo ka sèvi kote ki gen plis bezwen. Genyen ladan yo kounye a ki aje anpil, ki gen pwoblèm sante, oswa k ap fè fas ak lòt sitiyasyon difisil (2 Kor. 4:16, 17). Epoutan, yo “ kontinye pwospere pandan cheve yo gri ”. (Sòm 92:14.) Yo met konfyans yo nan Jewova e yo jwenn benediksyon l. — Sòm 34:8 ; Pwo. 10:22.

4 Se sèten, pyonye espesyal yo merite pou nou felisite yo ak tout kè nou. Si nou gen privilèj pou nou gen pyonye espesyal nan kongregasyon nou, pwofite opòtinite sa a pou nou pase tan avèk yo pou nou ka benefisye eksperyans yo. Montre yo nou apresye lefètke y ap sèvi fidèlman antanke pwoklamatè Wayòm nan. Se pou jan yo kenbe fèm nan laverite a ankouraje nou. Tout moun ki imite lafwa yo kapab jwenn favè Jewova ak benediksyon l menm jan avèk yo, paske Jewova “ pran plezi nan moun ki aji avèk fidelite ”. — Pwo. 12:22.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje