Èske n ka fè efò pou n aprann konnen konjwen ki enkwayan yo?
1. Poukisa se pa kretyen ki gen konjwen yo ki pa nan menm relijyon avè yo sèlman ki dwe enterese pou konjwen yo jwenn èd pou yo aksepte laverite?
1 Èske gen pwoklamatè nan kongregasyon pa nou ki gen mari l oswa madanm li ki enkwayan? Si se sa, nou sèten pwoklamatè sa yo ta renmen konjwen yo vin jwenn yo nan vrè adorasyon an. Men, se pa yo menm sèlman ki ta renmen sa. Tout kongregasyon an nèt, menm jan ak Bondye, ta renmen pou ‘tout kalite moun sove e pou yo gen konesans egzak sou laverite’. (1 Tim. 2:4.) Ki sa nou ka fè pou n aprann konnen konjwen pwoklamatè nan kongregasyon an ki enkwayan yo?
2. Ki jan klèvwayans nou genyen pral gide nou pou n ede yon konjwen ki enkwayan?
2 Toudabò, nou ta dwe chèche konn pwennvi enkwayan an epi pran sa an konsiderasyon. Anpil konjwen ki enkwayan renmen fanmi yo, e yo fè efò, antanke moun marye, pou yo bon konjwen, e pou yo bon paran. Men, kwayans yo genyen konn pa menm ak kwayans pa nou, e petèt konjwen sa yo konn sensè. Yo ka pa konn anpil bagay sou Temwen Jewova, sof sa kèk zanmi mal enfòme oubyen ki gen prejije te di yo. Kèk ladan yo konn fache paske tan mari yo oswa madanm yo te konn pase ak fanmi an lontan, kounye a se nan afè relijyon yo itilize l. Klèvwayans nou genyen pral ede nou trete yon enkwayan avèk bonte e avèk respè. Epi n ap veye pou nou pa malalèz san nesesite lè nou gen yon moun konsa nan antouraj nou. — Pwo. 16:20-23.
3. Ki pi bon mwayen nou genyen pou nou konvenk yon enkwayan?
3 Enterè pèsonèl: Okòmansman, pi bon mwayen nou genyen pou nou konvenk yon konjwen ki enkwayan pou l aksepte laverite, petèt se aksyon nou fè, se pa konvèsasyon biblik nou fè ak li (1 Pyè 3:1, 2). Sa ki enpòtan nan domèn sa a, se montre yon enterè pèsonèl pou moun nan. Nan kongregasyon an, sè yo kapab montre yo enterese nan madanm ki enkwayan yo, e frè yo ka fè menm jan an pou mari ki enkwayan yo. Ki jan yo ka fè sa?
4. Ki jan nou ka montre nou gen enterè pèsonèl pou moun nan?
4 Si nou potko rankontre ak mari oswa ak madanm ki enkwayan an, petèt, nou ta ka fè sa apre nou fin pale sou sa ak konjwen ki kretyen an. Si enkwayan an pa byen reyaji premye fwa nou pale avè l la, pa kite sa dekouraje nou. Atitid amikal nou genyen ak enterè pèsonèl nou montre pou li, ka fè l vin gen yon pi bon pwennvi sou Temwen Jewova (Wom. 12:20). Kèk kretyen ki gen matirite konn envite yon enkwayan ak tout fanmi li vin manje avèk yo, avèk objektif pou youn pi byen konn lòt, e petèt pou yo elimine tout prejije l genyen. Yo ka pale sou sijè ki enterese enkwayan an, olye pou yo fòse fè yon konvèsasyon sou sijè biblik avè l. Apre sa, lè enkwayan an vin santi l alèz, li ka posib pou nou fè konvèsasyon sou Labib avè l. Oubyen li ka aksepte envitasyon pou l vin asiste youn nan reyinyon nou yo pou l ka wè ki sa madanm li ap aprann, sitou si gen kèk moun nan kongregasyon an li deja konnen. Menmsi l poko dispoze pou l egzamine laverite, sètènman nou ka felisite l pou sipò li bay konjwen l ki kwayan an.
5. Ki sa ansyen yo ka fè pou yo aprann konnen yon enkwayan?
5 Ansyen yo sitou ta dwe fè efò pou yo aprann konnen konjwen ki enkwayan yo, e yo dwe pwofite okazyon sa yo pou yo ba yo temwayaj. Si yon konvèsasyon biblik pa gen okenn efè sou yon enkwayan, petèt li ka dispoze koute ankourajman Bib la bay, lè se lopital li ye oubyen pandan l ap fè fas ak pwoblèm sante ki grav. Si moun yo pa nan menm relijyon e y ap travèse yon moman ki difisil, pa egzanp gen yon moun nan fanmi an ki mouri, ansyen yo ka envite enkwayan an pou l la tou, pandan y ap bay fanmi an rekonfò.
6. Pou ki rezon n ap fè efò pou n aprann konnen konjwen ki enkwayan yo?
6 Imajine lajwa yon kretyen ki nan kongregasyon pa nou ap genyen si mari l oswa madanm li byen reyaji e li vin nan laverite! Yon evènman ki fè kè moun kontan konsa ap pote anpil jwa pou Jewova tou, pou zanj yo e pou rès moun nan kongregasyon an (Lik 15:7, 10). Sepandan, si okòmansman enkwayan an pa byen reyaji, nou ka toujou rejwi, piske efò nou kontinye fè yo fè Jewova plezi. E anplis, Jewova “pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti”. — 2 Pyè 3:9.
[Antrefilè nan paj 6]
Okòmansman, pi bon mwayen nou genyen pou nou konvenk yon konjwen ki enkwayan pou l aksepte laverite, petèt se aksyon nou fè, se pa konvèsasyon biblik nou fè ak li