Li trèzenpòtan pou minis ki zele yo lapriyè e pou yo medite
1. Ki sa ki te ede Jezi pou l pa kite anyen detounen l nan aktivite prensipal li te genyen an?
1 Jezi te pase tout yon pati nan yon nuit ap geri moun e li t ap chase demon nan tèt moun. Lè disip yo vin kote l nan demen, yo di l: “Se tout moun k ap chèche w.” Yo te konseye Jezi pou l kontinye fè zèv pisans li t ap fè yo. Sepandan, Jezi pa t kite sa detounen l nan aktivite prensipal li te genyen ki se preche bon nouvèl la. Men sa l te di yo: “Ann al lòt kote, nan bouk ki toupre yo, pou m ka preche nan zòn sa yo tou, paske se pou sa mwen vini.” Ki sa ki te ede Jezi rete konsantre sou aktivite ki te pi enpòtan pou li a? Li te leve byen bonè pou l lapriyè e pou l medite (Mak 1:32-39). Kòman lapriyè ak meditasyon ka ede nou vin pwoklamatè ki zele?
2. Sou ki sa nou ka medite pou ede nou rete zele nan ministè a?
2 Sou ki sa pou nou medite? Jezi te wè moun yo te “depafini e yo te lage tankou mouton ki san bèje”. (Mat. 9:36.) Menm jan an tou, nou ka medite sou jan moun yo bezwen bon nouvèl la, nou ka reflechi sou ijans ki gen jodi a (1 Kor. 7:29). Nou ka medite sou travay Jewova fè yo, sou bèl kalite li genyen, sou privilèj nou genyen dèske nou se Temwen Jewova. Nou ka reflechi sou verite nou aprann nan Pawòl Bondye a, ki se trezò espirityèl ki gen anpil valè, verite anpil moun nan tèritwa nou yo poko janm konnen. — Sòm 77:11-13; Iza. 43:10-12; Mat. 13:52.
3. Ki lè nou ka medite?
3 Ki lè pou nou medite? Menm jan Jezi te fè sa, gen moun ki leve byen bonè pou yo medite, lè pa gen bri. Pou kèk lòt moun, pi bon lè pou yo medite se aswè anvan y al dòmi (Jen. 24:63). Menmsi nou gen yon pwogram ki chaje, nou ka toujou jwenn tan pou nou medite. Gen moun ki fè sa pandan yo nan transpò piblik. Gen lòt moun ki itilize yon pati nan poz midi yo pou yo medite san moun pa deranje yo. Gen lòt ankò ki twouve lè yo medite anvan y al patisipe nan ministè a, menmsi se pou yon ti moman, sa ede yo preche ak plis zèl e ak plis kran.
4. Poukisa nou dwe medite?
4 Lè nou lapriyè epi nou medite, sa fè nou pi anvi sèvi Jewova, sa ede nou konsidere adorasyon n ap bay Jewova a kòm bagay ki pi enpòtan nan lavi nou. E sa ranfòse detèminasyon nou genyen pou nou kontinye preche. Jezi, prensipal Minis Bondye a, te tire pwofi nan meditasyon li te fè, e se konsa sa ap ye pou nou tou.