Kèk modèl prezantasyon
Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa desanm nan
“Mwen sèten w ap dakò ak mwen tout moun bezwen gen zanmi. Ki kalite ou ta pi renmen jwenn lakay yon zanmi? [Kite moun nan reponn.] Gade ki sa peryodik sa a di sou nesesite pou nou byen chwazi zanmi nou yo.” Bay moun nan Toudegad 1ye desanm nan (fransè), epi li enfòmasyon nou jwenn anba premye soutit ki nan paj 16 la ansanm ak moun nan, apre sa fè yon ti pale sou li. Ansuit, li omwen youn nan tèks biblik yo bay kòm referans yo. Apre sa, ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou nou retounen reponn kesyon ki vin apre a.
La Tour de Garde 1ye desanm
“Èske w konn mande tèt ou poukisa gen tout katastwòf natirèl sa yo nan dènye ane sa yo? [Kite moun nan reponn.] Li enteresan pou nou remake Bib la te predi t ap gen yon epòk kote t ap gen anpil dezas sou latè. [Li Matye 24:7, 8.] Peryodik sa a reponn kesyon sa yo: Poukisa gen tout katastwòf natirèl sa yo jodi a? Èske se Bondye k ap pini nou? E li bay kèk rezon ki fè nou kwè Bondye pral mete fen nan tout katastwòf natirèl talè konsa.”
Réveillez-vous! Desanm
Li 2 Timote 3:16. Apre sa, di moun nan: “Gen moun ki dakò tout pawòl ki nan Bib la se Bondye ki enspire yo, tandiske gen lòt moun ki pa kwè sa. E ou menm ki sa w panse? [Kite moun nan reponn.] Malgre tout moun pa gen menm opinyon sou kesyon sa a, an jeneral, pifò moun dakò pami tout liv ki genyen se Bib la moun fè plis efò pou yo detwi. Peryodik sa a pale sou kèk nan efò lèzòm fè pandan plizyè santèn ane pou yo detwi Bib la dekwa pou moun te ka sispann li l. Anplis de sa, li esplike poukisa Bib la rive egziste jis jodi a.”