BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/12 p. 4
  • Kèk modèl prezantasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk modèl prezantasyon
  • Ministè Wayòm nan — 2012
  • Sou menm sijè a
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2012
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2012
km 3/12 p. 4

Kèk modèl prezantasyon

Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa avril la

“Batèm se yon pratik ki kouran pami anpil kretyen. Dapre ou menm, èske li enpòtan pou yon moun batize? [Kite moun nan reponn.] Nan peryodik sa a w ap jwenn kèk pwen enteresan sou sijè sa a.” Bay moun nan Toudegad 1ye avril la (fransè), epi fè yon ti pale avèk li sou sa nou jwenn nan premye soutit ki nan paj 16 la. Ansuit atire atansyon moun nan sou omwen youn nan vèsè yo bay kòm referans yo. Apre sa, ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou nou retounen vin reponn kesyon ki vin apre a.

La Tour de Garde 1ye avril

“Tout moun pa gen menm opinyon sou Jezi. Gen moun ki panse se li ki te Mesi yo te pwomèt la. Gen lòt moun ki panse li te jis yon bon moun. Tandiske gen lòt moun ki kwè li pa t janm egziste vre. E ou menm, sa w panse? [Kite moun nan reponn.] Selon Labib, li enpòtan pou nou konnen laverite sou Jezi. [Li Jan 17:3.] Peryodik sa a ban nou repons pou kèk kesyon byen souvan moun konn poze sou Jezi.”

Réveillez-vous! Avril

“N ap vizite tout vwazen nou yo pou nou fè yon ti pale avèk yo sou sa ki ka ede yo reyisi lavi fanmi yo. Èske w pa dakò gen kèk fanmi k ap fè fas ak anpil pwoblèm jodi a? [Kite moun nan reponn.] Gade ki kote anpil fanmi jwenn konsèy ki itil yo. [Li Sòm 119:105.] Peryodik sa a egzamine jan fanmi ki gen timoun ki pitit mari a oubyen ki pitit madanm nan sèlman ka reyisi lè yo suiv prensip ki nan Bib la.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje